Detewonòm 8

8
1“Tout kòmandman ke Mwen ap kòmande nou jodi a, nou va fè atansyon pou fè yo, pou nou #Det 4:1kapab viv, miltipliye, e antre ladann pou posede peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo.
2 # Det 8:16 “Nou va sonje tout jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou nan dezè a pandan karantan sila yo, pou Li te kapab fè nou vin enb e pase nou a leprèv, pou konnen kisa ki te nan kè nou, pou wè si nou pa tap kenbe kòmandman Li yo.
3“Li te fè nou vin enb e grangou. Epi konsa, Li te bannou manje lamàn ke nou pa t janm konnen, ni zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou konprann ke #Mat 4:4lòm pa viv sèlman pa pen, men lòm viv pa tout bagay ki sòti nan bouch SENYÈ a. 4#Det 4:36Rad nou yo pa t epwize sou nou, ni pye nou pa t anfle pandan karantan sila yo. 5#Det 4:36Konsa, nou fèt pou konnen nan kè nou, ke SENYÈ a, Bondye nou an, t ap korije nou jis jan ke yon mesye korije fis li.
6“Pou sa, nou va kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li an, e pou krent Li. 7Paske #Det 11:9-12SENYÈ a, Bondye nou an, ap mennen nou antre nan yon bon peyi, yon peyi ki gen anpil ti rivyè ak sous dlo; sous k ap koule, k ap kouri nan vale ak ti mòn yo; 8yon peyi avèk ble ak lòj, avèk pye rezen, pye fig, avèk grenad, yon peyi avèk lwil doliv ak siwo myèl; 9yon peyi kote nou va manje manje san manke. Ladann l nou p ap manke anyen; yon peyi kote wòch se fè; epi kote nan ti mòn yo, nou kab fouye kwiv.
10“Lè #Det 6:11nou fin manje e satisfè, nou va beni SENYÈ a, Bondye nou an, pou bon peyi ke Li te bannou an. 11Veye pou nou pa #Det 4:9bliye SENYÈ a, Bondye nou an, epi pa kenbe kòmandman Li yo, lwa Li yo avèk règleman Li yo ke Mwen ap kòmande nou jodi a. 12Otreman, #Pwov 30:9lè nou te manje e satisfè, e fin bati bon kay pou nou viv nan yo, 13epi lè twoupo nou avèk bann mouton nou yo vin miltipliye, ajan avèk lò nou yo vin anpil, e tout sa nou posede vin miltipliye, 14alò, kè nou va vin plen ak ògèy, e nou va #Det 8:11bliye SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la. 15Li te mennen nou nan gran dezè tèrib sa a, avèk #Nonb 21:6sèpan pwazon ak eskòpyon, ak tè swaf kote ki pa t gen dlo. Li te #Egz 17:6fè dlo sòti pou nou nan wòch silèks la. 16Nan dezè a, Li te bannou lamàn ke zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou vin enb, e pou Li te kapab fè nou #Det 8:2pase a leprèv, pouke alafen, sa te kab ale byen pou nou. 17Otreman, #Det 9:4nou ta di nan kè nou: “Se fòs nou avèk kouraj nou ki te bannou tout richès sa a.” 18Men nou va sonje SENYÈ a, Bondye nou an, paske #Pwov 10:22se Li ki ap bannou pouvwa pou fè richès, pou Li kapab konfime akò ke Li te sèmante a zansèt nou yo, jan sa ye jodi a. 19Li va rive ke si nou bliye SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv lòt dye yo pou adore yo, #Det 4:26Mwen ap fè temwayaj kont nou jodi a menm, ke anverite nou va peri. 20Jan nasyon ke SENYÈ a ap fè peri devan nou yo, konsa #Éz 5:5-17nou va peri, akoz ke nou pa t koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an.”

Chwazi Kounye ya:

Detewonòm 8: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte