Detewonòm 23
23
1“#Lev 21:20Nanpwen pèsòn avèk boul grenn li kraze oswa koupe ki va antre nan asanble SENYÈ a.
2Nanpwen pèsòn ki ne nan yon relasyon ilejitim ki va antre nan asanble SENYÈ a. Ni okenn nan desandan li yo menm jis rive nan dizyèm jenerasyon p ap antre nan asanble SENYÈ a.
3 #
Né 13:1-2
Nanpwen Amonit ni Moabit ki va antre nan asanble SENYÈ a. Okenn nan desandan li yo menm jis rive nan dizyèm jenerasyon p ap antre nan asanble SENYÈ a, 4akoz yo pa t vin jwenn nou avèk manje ak dlo lè nou te sòti an Égypte la, epi akoz yo te achte sèvis #Nonb 22:5Balaam, fis Beor ki sòti Pethor nan Mésopotamie pou modi nou. 5Sepandan, SENYÈ a, Bondye nou an, pa t dakò tande Balaam. Men SENYÈ a, Bondye nou an, te #Pwov 26:2vire madichon an pou l devni yon benediksyon pou nou akoz SENYÈ nou an renmen nou. 6#Esd 9:12Nou pa pou chache lapè pou yo, ni pwosperite yo pandan tout jou nou yo.
7Nou pa pou meprize yon Edomit, paske #Jen 25:24-26li se frè nou. Nou pa pou meprize yon Ejipsyen, paske nou te yon etranje nan peyi li. 8Fis a twazyèm jenerasyon ki fèt pou yo a kapab antre nan asanble SENYÈ a.
9Lè nou sòti kòm yon lame kont lènmi nou yo, nou va evite tout kalite move bagay. 10Si gen pami nou, yon nonm ki pa pwòp akoz li ejakile nan lannwit; alò, li oblije ale deyò kan an. Li pa kapab reantre nan kan an, 11men li va fèt ke lè aswè rive, li va benyen tèt li avèk dlo. Konsa, lè solèy kouche, li kapab reantre nan kan an.
12Ou va, osi, gen yon kote deyò kan an; epi se la ou gen pou ou ale pou eliminen pèsonèl. 13Konsa, nou va genyen yon pèl pami zouti nou yo, epi li va fèt ke lè nou chita deyò a, nou va fouye avèk li, e nou va kouvri poupou nou. 14Akoz #Lev 26:12SENYÈ a, Bondye nou an, mache nan mitan kan nou yo pou delivre nou, e venk lènmi nou yo devan nou; pou sa, fòk kan nou yo #Egz 3:5sen. Fòk Li pa wè anyen ki pa pwòp pami nou; oswa, Li va vire kite nou.
15 #
I Sam 30:15
Nou pa pou lonje remèt yon esklav ki te kouri kite mèt li pou rive kote nou. 16Li va viv avèk nou nan mitan nou, nan yon kote li chwazi pami youn nan vil pa nou yo ki fè l plezi. #Egz 22:21Nou pa pou maltrete li.
17 #
Lev 19:29
Okenn nan fi Israël yo p ap sèvi kòm pwostitiye nan tanp payen yo. #II Wa 23:7Ni okenn nan fis Israël yo p ap sèvi pou pwostitiye nan tanp payen yo. 18Nou pa pou mennen salè a yon pwostitiye ni frè jounalye a yon #Lev 18:22chen pede pou antre lakay SENYÈ a, Bondye nou an, pou okenn ofrann ve; paske toude sa yo abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.
19 #
Egz 22:25
Nou pa pou mande enterè lajan a sitwayen parèy nou yo: enterè sou lajan, manje, oswa nenpòt bagay ki kapab prete ak enterè. 20Nou kapab tire enterè sou yon etranje; men pou sitwayen parèy nou, nou pa pou mande enterè, jis pou #Det 15:10SENYÈ, Bondye nou an, kapab beni nou nan tout sa ke nou eseye fè nan peyi ke nou prèt pou antre posede a.
21 #
Nonb 30:1-2
Lè nou fè yon ve a SENYÈ a, Bondye nou an, nou p ap pran reta pou peye li, paske sa ta yon peche nan ou, e SENYÈ, Bondye nou an, va, anverite, egzije l nan men nou. 22Sepandan, si nou te evite fè ve a, sa pa t ap peche nan nou. 23Nou va fè atansyon pou fè tout sa ki sòti nan lèv nou. Nenpòt jan ke nou te fè ve selon volonte SENYÈ a, Bondye nou an, tout sa nou oblije fè.
24Lè nou antre nan chan rezen vwazen nou, nou kapab manje rezen yo jiskaske vant nou plen; men nou pa pou mete nan panyen nou. 25#Mat 12:1Lè nou antre nan chan sereyal ki pou vwazen nou, nou gen dwa rekòlte tèt grenn yo avèk men nou; men nou pa kapab voye kouto a nan rekòlt sereyal a vwazen nou an.
Chwazi Kounye ya:
Detewonòm 23: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith