Kolosyen Yo 4
4
1Mèt yo, bay esklav nou yo sa ki jis e rezonab, epi #Ef 6:9konnen ke nou osi gen yon Mèt nan syèl la.
2 #
Trav 1:14
Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman. 3Priye an menm tan pou nou menm osi, pou Bondye kapab ouvri pou nou yon #Trav 14:27pòt pou pawòl la, pou nou kapab pwoklame #Ef 3:3,4mistè a Kris la, akoz se pou li menm, mwen menm osi gen tan anprizone, 4pou m kapab fè li klè #Ef 6:20nan fason ke m ta dwe pale a.
5 #
Ef 5:15
Kondwi tèt nou avèk sajès anvè moun deyò yo, pou #Ef 5:16fè plis ke posib avèk tan an. 6#Ef 4:29Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.
7 #
Kol 4:7-9; Ef 6:21-22 Pou tout afè mwen yo, Tychique, frè byeneme, sèvitè fidèl ak sèvitè-atache parèy m nan Senyè a, va pote enfòmasyon bannou. 8#Ef 6:22Paske mwen gen tan voye li kote nou eksprè pou rezon sa a, pou nou kapab konnen sikonstans nou yo e pou li kapab #Kol 2:2ankouraje kè nou. 9Epi avèk li #Phm 10Onésime, frè byeneme e fidèl nou an, ki se youn nan nou. Yo va enfòme nou sou tout sitiyasyon an isit la.
10Aristarque, prizonye parèy a mwen an, voye salitasyon bannou; ak Marc, kouzen a #Trav 4:36Barnabas la, (se sou li, nou te resevwa enstriksyon yo; si li vin kote nou, resevwa l byen). 11Anplis, Jésus ke yo rele Justus la. Sa yo se sèl ouvriye pou wayòm Bondye #Trav 11:2ki sòti nan sikonsizyon an, e yo te ankouraje mwen anpil.
12 #
Kol 1:7
Épaphras, ki se youn nan nou, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, voye salitasyon bannou. Li ap toujou batay rèd pou nou nan priyè li yo, pou nou kapab kanpe konplè e byen asire nan tout volonte Bondye a. 13Paske mwen fè temwayaj li, ke li gen yon gwo sousi pou nou ak pou sila ki #Kol 2:1Laodicée ak Hiérapolis yo. 14#II Tim 4:11Luc, doktè byeneme a, voye salitasyon li bannou, e Démas tou. 15Salye frè ki Laodicée yo e osi Nymphas ak #Wo 16:5legliz ki lakay li a. 16Lè lèt sa a li pami nou, kite yo li l osi nan legliz Lawodiseyen yo; e nou menm, pou pati pa nou #I Tes 5:27li lèt mwen an k ap vini soti Laodicée a. 17Epi di #Phm 2Archippe, “Byen okipe #II Tim 4:5èv ke nou te resevwa nan Senyè a, pou nou kapab akonpli li”.
18Mwen, Paul, mwen #Fil 1:7ekri salitasyon sa a avèk pwòp men mwen. Sonje #I Kor 16:21chenn mwen yo. Ke lagras avèk nou.
Chwazi Kounye ya:
Kolosyen Yo 4: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith