Kolosyen Yo 1
1
1Paul, yon apot Jésus Kri #I Kor 1:1pa volonte a Bondye, ak Timothée, frè nou an 2A sen ak frè fidèl an Kris ki te Colosse yo: #Wo 1:7Gras pou nou, ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an.
3 #
Wo 1:8
Nou bay remèsiman a Bondye #Wo 15:6Papa a Senyè nou an, Jésus Kri; pandan nou toujou ap priye pou nou. 4#Ef 1:15Paske nou te tande de lafwa nou nan Kris Jésus, ansanm ak lanmou ke nou gen pou tout fidèl yo; 5Akoz de lespwa ki #II Tim 4:8rezève pou nou nan syèl la, jan nou te #Ef 1:13tande deja nan pawòl verite Levanjil la, 6ki te vini a nou menm, jis menm jan nan tou mond lan, k ap bay #Wo 1:13fwi tout tan, e k ap ogmante, menm jan li t ap fèt nan nou menm tou, depi jou nou te #Ef 4:21tande de li a, e te konprann gras Bondye nan verite a; 7menm jan ke nou te aprann de #Kol 4:12Épaphras, sèvitè-atache, byeneme, parèy a nou an, ki se yon sèvitè fidèl an Kris sou pati pa nou, 8ki te osi enfòme nou de #Wo 15:30lanmou nou nan Lespri a.
9Pou rezon sa a tou, depi jou nou te tande de li a #Ef 1:16nou pa t sispann priye pou nou e mande pou nou ta kapab ranpli avèk konesans a volonte Li, nan tout #Ef 1:17sajès lespri a ak bon konprann, 10pou nou kapab #Ef 4:1mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye, 11ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa, 12pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje #Trav 20:32nan eritaj a fidèl yo nan #Trav 26:18Limyè a. 13Paske Li te delivre nou soti nan #Ef 6:12wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a. 14#Wo 3:24Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.
15Li se imaj a Bondye envizib la #Wo 8:29premye ne a tout kreyasyon an. 16Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo—#Jn 1:3tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm. 17Li #Jn 1:1avan tout bagay, e se nan Li tout bagay kenbe ansanm. 18Li se osi tèt a #Ef 1:23kò a legliz la. Epi Li se kòmansman an, premye ne ki sòti nan lanmò a, pou Li menm kapab vin gen premye plas nan tout bagay. 19Paske se te bon plezi #Ef 1:5Papa a pou tout plenitud Bondye a ta vin rete nan Li, 20epi selon Li menm, pou #II Kor 5:18rekonsilye tout bagay a Li menm, kit bagay ki sou latè yo kit bagay ki nan syèl yo, lè L te fin fè lapè pa #Ef 2:13san lakwa Li a.
21Epi menmsi #Wo 5:10otrefwa, nou te etranje, e te lènmi nan jan nou te konn panse, ak angaje nan move zak, 22men koulye a Li rekonsilye nou nan #Wo 7:4kò lachè Li a atravè lanmò, pou prezante nou devan Li #Ef 1:4sen, san fot e san repwòch— 23Si vrèman nou kontinye nan lafwa byen #Ef 3:17etabli, e fèm, e nou pa kite esperans levanjil ke nou te tande a, ki te pwoklame #Trav 2:5nan tout kreyasyon anba syèl la, e sou li menm mwen, Paul, te fèt kòm yon sèvitè.
24Alò, mwen rejwi nan soufrans mwen yo pou koz a nou, e nan lachè m #II Tim 1:8mwen fè pati pa m pou benefis kò Li a, ki se legliz la, pou ranpli sa ki manke nan soufrans lafliksyon a Kris yo. 25Sou legliz sila a mwen te fèt kòm yon sèvitè selon #Ef 3:2jesyon Bondye a, ki te plase sou mwen pou benefis pa nou, pou m ta kapab vin akonpli predikasyon pawòl Bondye a, 26#Wo 16:25ki se mistè ki te kache depi laj ak jenerasyon pase yo, men ki koulye a, manifeste a fidèl Li yo. 27A yo menm Bondye te gen volonte pou fè konnen kisa ki se richès laglwa a mistè sila a pami pèp etranje yo, ki se Kris nan nou, esperans laglwa a. 28Konsa nou pwoklame Li ak #I Kor 3:16egzòtasyon chak moun, e enstwi chak moun ak tout sajès, pou nou kapab prezante chak moun konplè an Kris Jésus. 29Pou rezon sila a osi, mwen #I Kor 15:10travay, e mwen lite pa ajans Bondye, k ap travay avèk pwisans nan mwen an.
Chwazi Kounye ya:
Kolosyen Yo 1: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith