II Tesalonisyen Yo 2
2
1Alò, nou mande nou, frè nou yo, konsènan #I Tes 2:19vini a Senyè nou an, Jésus Kri, ak #Mc 13:27reyinyon nou ansanm avèk Li a, 2pou nou pa pèdi bon sans ak ekilib nou twò vit pa ni yon #I Jn 4:1lespri, ni yon #II Tes 2:15mesaj, ni yon lèt, kòmsi y ap di sòti nan nou menm, ak efè ke jou Senyè a gen tan rive deja.
3Pa kite okenn moun nan okenn sans twonpe nou, paske li p ap vini amwenske gwo renye lafwa nan Bondye a ta fèt avan, e #Dan 7:25nonm peche a, fis a #Jn 17:12pèdisyon an, ta vin parèt. 4Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e #És 14:14prezante tèt li kòm Bondye.
5Èske nou pa sonje #I Tes 3:4lè m te toujou avèk nou an, mwen t ap di nou bagay sa yo?
6Konsa, nou konnen #II Tim 2:7kisa ki anpeche li koulye a, pouke nan lè li a, li kapab vin parèt. 7Paske #Rev 17:5,7mistè nonm a peche a ap travay deja; sèlman Sila k ap anpeche li kounye a, va fè sa jiskaske li vin retire nan wout la.
8Nan moman sa a, nonm a peche a va vin parèt; sila ke Bondye va touye #És 7:4avèk souf ki soti nan bouch li a, e fè sa fini ak aparisyon retou a Li menm nan. 9Sa se, sila kap vini an akò avèk aktivite Satan, avèk tout pouvwa, #Mat 24:24sign, ak fo mirak, 10epi avèk tout desepsyon mechanste pou #I Kor 1:18sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou #II Tes 2:12,13a verite a, jis pou yo ta kapab sove.
11Pou rezon sa a, #I Wa 22:22Bondye va voye sou yo yon lespri twonpè pou yo kapab kwè sa ki fo a, 12pou yo tout kapab jije ki #Wo 2:8pa t kwè nan verite a, men ki te #Wo 1:32pran plezi nan mechanste.
13Men nou ta dwe bay remèsiman pou nou menm, frè m yo, byeneme nan Senyè a, akoz #Ef 1:4Bondye te chwazi nou depi nan kòmansman an pou sali atravè sanktifikasyon #I Tes 4:7pa Lespri a ak lafwa nan verite a. 14Se te pou sa Li te #I Tes 2:12rele nou atravè levanjil nou an, pou nou ta kapab vin genyen laglwa Senyè nou an, Jésus Kri.
15Konsa, frè m yo, kanpe fèm e #I Kor 11:2kenbe ak tradisyon ke yo te enstwi nou yo, kit se pa pawòl kit se pa lèt a nou an.
16 #
I Tes 3:11
Koulye a, ke Senyè nou an, Jésus Kri, Li menm, ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki bay nou rekonfò etènèl ak bon espwa pa lagras la 17#I Tes 3:2rekonfòte nou e ranfòse kè nou nan tout bon zèv ak pawòl.
Chwazi Kounye ya:
II Tesalonisyen Yo 2: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith