II Wa Yo 22

22
1 # II Kwo 34:1 Josias te gen laj uitan lè l te vin wa a e li te renye tranteyen ane Jérusalem. Non manman li te Jedida, fi Adaja a nan Botskath. 2Li te #Det 5:32fè sa ki bon nan zye SENYÈ a e li te mache nan tout chemen a zansèt papa li a, David, ni li pa t vire akote ni adwat, ni agoch.
3Alò, #II Kwo 34:8nan di-zuityèm ane Wa Josias la, wa a te voye Schaphan, fis a Atsalia a, fis a Meschullam nan, skrib la, lakay SENYÈ a. Li te di: 4#II Wa 12:4-10“Monte kote Hilkija, wo prèt la, pou li kapab kontwole lajan ki antre lakay SENYÈ a, lajan ke gadyen pòtay yo te ranmase soti nan pèp la. 5#II Wa 12:11-14Kite yo livre li nan men a ouvriye k ap dirije lakay SENYÈ a e kite yo bay li a ouvriye ki lakay SENYÈ a pou repare donmaj nan kay la; 6pou chapant yo, konstriktè yo avèk mason yo e pou achte gwo bwa avèk wòch taye pou fè reparasyon kay la. 7Sèlman, #II Wa 12:15nou p ap fè kontabilite pou lajan ki livre nan men yo, paske yo aji an bòn fwa.”
8Alò, Hilkija, wo prèt la, te di a Schaphan, skrib la: #Det 31:24-26“Mwen te twouve liv lalwa a lakay SENYÈ a.” Konsa, Hilkija te bay liv la a Schaphan ki te li li. 9Schaphan, skrib la, te rive kote wa a. Li te pote pawòl la kote wa a, e li te di: “Sèvitè ou yo te vide lajan ki te twouve nan kay la e yo te livre li nan men a ouvriye k ap dirije lakay SENYÈ a.” 10Anplis, Schaphan, skrib la, te pale wa a e te di: “Hilkija, prèt la, te ban mwen yon liv.” Epi Schaphan te li li nan prezans a wa a.
11Lè wa a te tande pawòl a liv lalwa a, #Jen 37:34li te chire rad li. 12Epi wa a te kòmande Hilkija, prèt la, #II Wa 25:22Achikam fis a Schaphanb la, #II Kwo 34:20Acbor, fis a Michée a, a Schaphan, skrib la e a Asaja, sèvitè wa a: 13“Ale mande a SENYÈ a pou mwen avèk pèp la ak tout Juda selon pawòl a liv sa a ki te twouve a. Paske #Det 29:23-28gran se kòlè SENYÈ a ki brile kont nou, akoz zansèt papa nou yo pa t koute pawòl a liv sa a, pou fè selon tout sa ki ekri konsènan nou.”
14Pou sa, Hilkija, prèt la, Achikam, Acbor, Schaphan e Asaja te ale kote Hulda, pwofetès la, madanm a Schallum nan, fis a Thikva a, fis a Harhas la, ki te an chaj vètman yo. (Alò, li te rete Jérusalem nan #So 1:10Katye Second lan). Yo te pale avèk li. 15Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Pale nonm ki te voye ou kote mwen an, 16Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va #Det 29:27pote malè sou plas sa a ak sou sila ki rete ladann yo, menm tout pawòl a liv sa a ke wa Juda te di yo. 17#Det 29:25-26Akoz yo te abandone Mwen e te brile lansan a lòt dye yo pou yo ta kab pwovoke Mwen a lakòlè avèk tout zèv men pa yo; pou sa, gran lakòlè Mwen va brile kont plas sa a, e li p ap etenn.”’ 18Men pou #II Kwo 34:26wa Juda a, ki te voye ou pou mande a SENYÈ a, konsa ou va pale ak li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘selon pawòl ke ou te tande yo: 19#Sòm 51:17Akoz kè ou te vin mou e #Egz 10:3ou te imilye ou devan SENYÈ a lè ou te tande sa Mwen te pale kont plas sa a ak kont sila ki rete ladann yo, pou yo ta devni yon dezolasyon ak yon malediksyon, epi akoz ou te chire rad ou e te kriye devan Mwen, anverite, Mwen te tande ou,’ deklare SENYÈ a. 20Pou sa, byen gade, Mwen va #II Wa 23:30ranmase ou a zansèt pa ou yo e ou va ranmase rive nan tonm pa ou a anpè. Zye ou p ap wè tout mal ke Mwen va mennen sou plas sa a.”
Konsa, yo te mennen pote pawòl la bay wa a.

Chwazi Kounye ya:

II Wa Yo 22: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte