II Wa Yo 11
11
1Lè Athalie, manman Achazia te wè ke fis li a te mouri, li te leve detwi tout pitit a fanmi wayal yo. 2Men Yehoshéba, fi a Wa Joram nan, sè Achazia a, #II Wa 11:21te pran Joas, fis a Achazia a e li te rachte li pami fis a wa ki t ap mete a lanmò yo, e li te plase li avèk fanm nouris pa li nan chanm dòmi an. Konsa, yo te kache li soti Athalie pou li pa t mete a lanmò. 3Konsa, li te kache avèk li pandan sizan lakay SENYÈ a, pandan Athalie t ap renye sou peyi a.
4 #
II Kwo 23:1-21
Alò, nan setyèm ane a, Joïada te voye mennen kapitèn a santèn yo, a #II Sam 20:23Karyen yo ak nan gad yo. Li te mennen yo kote li lakay SENYÈ a, e li te montre yo fis a wa a. 5Li te kòmande yo e te di: “Men bagay ke ou oblije fè: #I Kwo 9:25yon tyè nan nou, ki vin antre nan Saba a, veye sou lakay wa a; 6yon tyè tou, nan Pòtay ki rele Sur a, ak yon tyè nan pòtay dèyè gad yo, ki va veye sou kay la kòm defans. 7De pati ladann nan, tout moun ki sòti nan Saba a, va osi veye sou lakay SENYÈ a pou wa a. 8Epi nou va antoure wa a, chak moun avèk zam li nan men l; epi nenpòt moun ki antre nan ran pa nou, yo va mete a lanmò. Epi #Nonb 27:16-17rete avèk wa a lè l sòti ak lè l lantre.”
9Konsa, kapitèn a santèn yo #II Kwo 23:8te fè selon tout sa ke Jehojada, prèt la, te kòmande li. Yo chak nan yo te pran mesye pa li yo ki te genyen pou antre nan Saba a, avèk sila ki te gen pou sòti nan Saba yo pou te rive kote Jehojada, prèt la. 10#II Sam 8:7Prèt la te bay kapitèn a santèn yo lans avèk boukliye, sòti lakay SENYÈ a ki te konn pou Wa David la. 11Gad yo te kanpe chak avèk zam pa yo nan men yo, soti sou kote dwat kay la, jis rive sou kote goch kay la, akote lotèl la e akote kay la, yo te antoure wa a. 12Epi li te mennen fè parèt deyò fis a wa a e te #II Sam 1:10mete kouwòn nan sou tèt li, avèk #Egz 25:16 temwen an; epi yo te fè li wa e te onksyone li. Yo te bat men yo e te di: “Viv wa a!”
13 #
II Kwo 23:12
Lè Athalie te tande bwi a gad la ak pèp la, li te vin kote moun yo lakay SENYÈ a. 14Li te gade, e men vwala, wa a te kanpe #II Wa 23:3akote pilye a, selon koutim nan, avèk kapitèn yo ak twonpèt yo akote wa a. Epi tout moun peyi a t ap rejwi e sone twonpèt yo. Athalie te #Jen 37:29chire rad li e te kriye: “Trayizon, Trayizon!”
15Jehojada, prèt la, te kòmande kapitèn a santèn ki te chwazi sou lame a. Li te di yo: “Mennen li deyò antre nan ran sòlda yo e nenpòt moun ki swiv li, mete li a lanmò avèk nepe.” Paske prèt la te di: “Pa kite li mete a lanmò nan kay SENYÈ a.” 16Pou sa, yo te sezi li, lè li te rive kote antre cheval lakay wa yo, li te #Jen 9:6mete a lanmò la.
17Epi #Jos 24:25Jehojada te fè yon akò antre SENYÈ a, wa a ak pèp la, pou yo ta devni pèp SENYÈ a, e osi antre pèp la avèk wa a. 18Tout pèp peyi a te ale kote #II Wa 10:26-27kay Baal la, yo te chire li. Lotèl li ak imaj li yo, yo te kraze an mòso nèt, e yo te touye Matthan, prèt Baal la, devan lotèl yo. Prèt la te chwazi ofisye yo sou kay SENYÈ a. 19Li te pran kapitèn a santèn yo avèk #II Wa 11:4Karyen yo, avèk gad yo ak tout pèp peyi a. Konsa, yo te mennen wa a desann soti lakay SENYÈ a e yo te vini pa chemen pòtay gad yo rive lakay wa a. Epi li te chita sou twòn a wa yo. 20Konsa, #Pwov 11:10tout pèp peyi a te rejwi e vil la te vin kalm. Paske yo te mete Athalie a lanmò pa nepe a lakay wa a. 21#II Kwo 24:1-14Joas te genyen laj sèt ane lè l te vin wa a.
Chwazi Kounye ya:
II Wa Yo 11: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith