II Korentyen Yo 9
9
1Paske se pa nesesè pou m ta ekri nou sou #II Kor 8:4ministè sa a pou sen yo, 2paske mwen konnen volonte nou. Pou sa menm, mwen fè nou konpliman devan pèp Macédoine lan, anfèt ke Achaïe te deja prepare depi #II Kor 8:10ane pase, e ke zèl nou te eksite pifò nan yo. 3Men mwen te voye frè yo, pouke #II Kor 7:4konpliman nou an pa ta fèt nan vid nan ka sa a, pouke #I Kwo 16:2jan mwen t ap di a, nou kapab byen prepare. 4Pou si li pa t fèt , epi nenpòt nan #Wo 15:26Masedonyen yo ta parèt avè m, nou pa t ap desi (ak ou menm tou) e soufri wont akoz sa ki te anvizaje. 5Donk, mwen te panse ke li te nesesè pou ankouraje frè yo pou yo ta ale devan nou menm pou òganize davans #Jen 33:11kado jenewozite ke nou te deja pwomèt la. Epi konsa, kado sa a ta kapab parèt kon yon kado jenewozite ki pa afekte pa lanvi de nou menm.
6Sonje, #Pwov 11:24sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. 7Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk #Det 15:10regrè oubyen anba presyon, paske #Egz 25:2Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv. 9Jan sa ekri a:
#
Sòm 112:9
“Li te gaye toupatou.
Li te bay a malere yo.
Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.”
10Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11Pou konsa, nou ka #I Kor 1:5anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye. 12Paske ministè sèvis don sa a se pa sèlman pou byen founi #II Kor 8:14bezwen a sen yo, men va osi pou debòde #II Kor 1:11atravè anpil remèsiman a Bondye. 13Akoz de prèv ki te bay pa #Wo 15:31ministè sèvis sila a, yo va bay Bondye glwa pou obeyisans konfesyon levanjil a Kris la, ak jenewozite don pa nou pou yo menm, ak tout lòt yo. 14Pandan yo menm osi, nan lapriyè pou nou, y ap gen dezi wè nou akoz ke gras Bondye ki anndan nou an ki depase tout bagay. 15Remèsiman a Bondye pou #Wo 5:15don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.
Chwazi Kounye ya:
II Korentyen Yo 9: BSA
Pati Souliye
Pataje
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith