II Korentyen Yo 5
5
1Paske nou konnen ke si #Job 4:19tant tèrès la ki se lakay nou an vin demoli, nou gen yon kay ki sòti nan Bondye; yon kay ki #Trav 7:48pa fèt avèk men, ki etènèl nan syèl la. 2Paske vrèman, nan kay sila a, nou #Wo 8:23plenyen avèk lanvi pou nou abiye nou ak kay nou ki nan syèl la; 3kòmsi nou konnen ke lè nou fin mete li, nou p ap janm toutouni ankò. 4Paske vrèman, pandan nou nan tant kò sa a, nou plenyen, nou anba gwo fado, paske nou pa vle dezabiye nou, men abiye nou, jis pou sa ki mòtèl la kapab anglouti pa lavi etènèl. 5Alò, Sila ki te prepare nou pou menm bi sa a, se Bondye, ki te #Wo 8:23bannou Lespri Sen kòm yon pwomès la.
6Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke #Eb 11:13pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a, 7paske #I Kwo 13:12nou mache pa lafwa, e pa selon sa nou wè. 8Men, mwen di nou, nou gen bon kouraj. Nou prefere pito absan de kò a pou prezan #Jn 12:26lakay nou avèk Senyè a. 9Konsa nou gen osi kòm dezi, pou, kit nou lakay, kit nou absan, #Wo 14:18pou fè Li menm plezi. 10Paske nou tout dwe parèt devan #Mat 16:27chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.
11Konsa, avèk konesans lakrent Senyè a, nou menm ap fè tout moun kwè, men nou vin rekonèt devan Bondye; epi mwen espere ke nou #II Kor 4:2rekonèt nan konsyans pa nou yo tou. 12Nou p ap vin pale byen de pwòp tèt nou bannou ankò, men #II Kor 1:14n ap bannou yon okazyon pou vin fyè de nou, pou nou kab gen yon repons a sila ki jwenn fyète nan aparans, men pa nan kè. 13Paske si nou vin #Mc 3:21debòde, se pou Bondye. Epi si nou nan bon sans nou, se pou nou menm. 14Paske lanmou Kris la k ap bourade nou. Konsa li mennen nou a konklizyon sa a; ke #Wo 5:15yon moun te mouri pou tout moun, kidonk, tout moun te mouri. 15Li te mouri pou tout moun, pouke sila ki vivan yo pa ta #Wo 14:7-9viv pou tèt yo ankò, men pou Li menm ki te mouri an e ki te leve ankò pou yo a.
16Pou sa a, depi koulye a nou pa rekonèt okenn moun #Jn 8:15selon lachè. Malgre ke nou te konnen Kris selon lachè, deja koulye a nou pa konnen Li fason sa a ankò. 17Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. #És 43:18Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf. 18Konsa, tout bagay sa yo sòti nan Bondye #Wo 5:10ki te rekonsilye nou a Li menm pa Kris la, e ki te bannou ministè rekonsilyasyon an. 19Kòmsi ke #Kol 2:9Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an.
20Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la #Wo 5:10pou nou vin rekonsilye ak Bondye. 21Li te fè Sila ki #Eb 4:15pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.
Chwazi Kounye ya:
II Korentyen Yo 5: BSA
Pati Souliye
Pataje
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith