II Korentyen Yo 13

13
1Sa se twazyèm fwa m ap vin kote nou. #Det 17:6“Chak sa ki fèt dwe konfime pa temwayaj a de oubyen twa temwen.” 2Mwen te di nou oparavan lè m te la nan dezyèm fwa a, e byenke m pa la koulye a, mwen di davans a sila yo ki te peche nan tan pase yo e a tout rès moun yo tou, ke si m vini ankò, mwen p ap #II Kor 1:23epagne pèsòn. 3Paske se konsa nou ap chache prèv a Kris ki pale nan mwen an, e ki pa fèb anvè nou an, men #II Kor 9:8byen pwisan nan nou. 4Paske malgre Li te #Fil 2:7krisifye akoz de feblès, deja Li vivan akoz de #I Kor 6:14pwisans Bondye a. Paske nou osi, nou fèb nan Li, malgre nou va viv avèk Li akoz de pwisans Bondye anvè nou.
5Fè prèv tèt nou pou wè si nou nan lafwa. #I Kor 11:28Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou—-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la? 6Men mwen gen konfyans ke ou va vin reyalize ke nou menm, nou pa echwe nan tès la.
7Koulye a, n ap priye Bondye pou ou pa fè okenn mal; se pa pou nou kapab parèt kòmsi nou vin apwouve, men pou ou kapab fè sa ki bon, menmsi li sanble nou pa apwouve. 8Paske nou pa kapab fè anyen kont verite a, men sèlman pou verite a. 9Paske nou rejwi lè nou fèb e ou menm vin gen fòs. Se pou sa n ap priye; ke ou kapab #I Kor 1:10vin konplè. 10Pou rezon sa a, mwen ap ekri bagay sa yo pandan mwen pa la a, jis pou lè m la, mwen p ap bezwen #Tit 1:3itilize severite mwen, selon otorite ke Senyè a te ban mwen pou bati e pa pou detwi.
11Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte #Wo 12:16vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou. 12#Wo 16:16Salye youn lòt avèk yon beze ki sen.
13 # Fil 4:22 Tout sen yo salye nou.
14Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak #Fil 2:1dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.

Chwazi Kounye ya:

II Korentyen Yo 13: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte