II Korentyen Yo 11
11
1Mwen swete ke nou #Mat 17:17ta ban mwen pèmisyon pou yon ti foli; men anfèt nou ban mwen l deja. 2Paske mwen jalou pou nou avèk yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske mwen te #Os 2:19fyanse nou ak yon mari, pou m ta kapab prezante nou a Kris kòm yon vyèj ki san tach. 3Men mwen pè pou menm jan ke Eve te twonpe pa riz sèpan an, pou panse nou ta de yon fason oubyen yon lòt detounen de devosyon sensè e san tach de Kris la. 4Paske si yon moun vini pou preche #I Kor 3:11yon lòt Jésus, ke nou menm pa t preche, oswa nou resevwa yon lòt lespri ke nou pa t resevwa, oswa yon #Gal 1:6lòt levanjil ke nou pa t aksepte, nou ase tolere sa. 5Paske mwen pa konsidere tèt mwen #II Kor 12:11kòm enferyè a pi gran apot yo. 6Men menmsi mwen manke abil nan pale, deja mwen pa konsa nan #I Kor 12:8konesans. Anfèt, nan tout aspè, sa te deja fèt klè de nou tout, nan tout bagay.
7Oubyen èske mwen te fè yon peche lè m te aksepte imilye tèt mwen pou nou menm ta kapab egzalte, paske m te preche levanjil Bondye a nou menm #Trav 18:3san frè? 8Okontrè, mwen te vòlè lòt legliz yo lè m te #I Kor 4:12pran kòb soutyen lan nan men yo pou sèvi nou. 9Lè m te prezan avèk nou nan nesesite, mwen #II Kor 12:13,16pa t devni yon chaj pou okenn moun; paske lè #Trav 18:5frè yo te vini sòti Macédoine, yo te satisfè tout bezwen m yo, e nan tout bagay mwen te kenbe tèt mwen pou mwen pa t vin yon chaj pou nou menm, e m va kontinye fè menm bagay la. 10#Wo 9:1Jan verite Kris la nan mwen an #I Kor 9:15vante tèt mwen an p ap tèmine fèt nan zòn Achaïe yo. 11Poukisa? #II Kor 12:15Paske mwen pa renmen nou? #II Kor 11:31Bondye konnen ke m renmen nou!
12Men m ap kontinye fè sa ke m ap fè a #I Kor 9:12pou m kapab rachte okazyon de sila yo ki vle twouve yon okazyon pou moun konsidere yo egal avèk nou nan bagay ke y ap vante tèt yo. 13Paske moun konsa yo se fo apot yo ye, #Fil 3:2ouvriye twonpè k ap degize tèt yo tankou apot a Kris yo. 14Sa pa yon gwo sipriz, paske menm #Mat 4:10Satan degize tèt li tankou yon zanj limyè. 15Konsa, se pa yon sipriz si sèvitè li yo degize tèt yo tankou sèvitè ladwati Bondye yo, ki #Wo 2:6va tèmine menm jan kon pwòp zèv pa yo.
16 #
II Kor 11:1
Ankò mwen di, ke pèsòn pa panse ke mwen fou. Men si nou panse sa, resevwa m menm tankou moun fou, pou mwen tou kapab vante tèt mwen tou piti. 17Sa m ap di a, mwen p ap di li #I Kwo 7:12,25jan Senyè a ta pale, men yon jan fou, konsi, m ap vante tèt mwen an. 18Akoz ke #Fil 3:3anpil moun vante tèt yo selon lachè, mwen va vante tèt mwen konsa tou. 19Men nou menm #I Kor 4:10ki tèlman saj, tolere foli a avèk kè kontan. 20Paske nou tolere li si yon moun #Gal 2:4fè nou esklav, si yon moun devore nou, si yon moun pran avantaj de nou, si yon moun egzalte tèt li, menm si yon moun bannou kou nan figi. 21Nan wont mwen, mwen oblije di ke nou te #II Kor 10:10twò fèb pa konparezon. Men nan nenpòt bagay respekte nenpòt lòt moun se plen ak kouraj (mwen pale ak foli), mwen menm, mwen gen kouraj menm jan an. 22Èske se Ebre yo ye? #Fil 3:5Mwen menm tou, mwen Ebre. Èske se Izrayelit yo ye? Mwen menm tou, mwen se Izrayelit. Èske se desandan Abraham yo ye? #Wo 11:1Mwen menm tou. 23Èske se sèvitè a Kris yo ye? (Mwen pale tankou moun fou) Mwen menm tou, #I Kor 15:10plis nan travay, #II Kor 6:5bokou plis nan pran prizon. Mwen te bat depase mezi, mwen te souvan nan danje lanmò. 24Senk fwa mwen te resevwa nan men Jwif yo #Det 25:3trant-nèf kout fwèt. 25Twa fwa mwen te #Trav 16:22bat avèk baton, yon fwa mwen te #Trav 14:19lapide avèk wòch, twa fwa mwen te nan bato ki kraze nan lanmè, yon jou ak yon nwit mwen te pase nan fon lanmè. 26Souvan mwen te fè vwayaj, an danje nan rivyè, danje ak vòlè, danje ak pwòp moun peyi mwen, danje ak moun etranje yo #Trav 21:31danje nan vil yo, danje nan dezè, danje sou lanmè, #Gal 2:4e danje pami fo frè yo. 27Mwen te nan travay, nan sikonstans difisil, nan anpil nwit san dòmi, nan grangou ak swaf, souvan #II Kor 6:5san manje, nan fredi e #I Kor 4:11san rad.
28Apa kondisyon ekstèn sa yo, gen fòs opresyon chak jou sou mwen pou sousi mwen gen pou #I Kor 7:17tout legliz yo. 29Kilès ki vin #I Kor 8:9,13fèb, san m pa fèb tou? Kilès ki lage nan peche, san gwo sousi mwen.
30Si mwen dwe vante tèt mwen, m ap vante tèt mwen de sa ki apatyen a #I Kor 2:3feblès mwen. 31Bondye e Papa a Senyè a Jésus #Wo 1:25Li menm ki beni pou tout tan an, konnen ke m p ap bay manti. 32Nan Damas gouvènè anba Arétas, wa a t ap veye vil moun Damas yo pou l te kapab sezi mwen. 33Se konsa mwen te kite lòt moun desann mwen nan yon panyen #Trav 9:25pa fenèt nan mi an, e se konsa m te chape nan men li.
Chwazi Kounye ya:
II Korentyen Yo 11: BSA
Pati Souliye
Pataje
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith