II Korentyen Yo 1
1
1Paul, yon apot Kris Jésus #I Kor 1:1pa volonte Bondye, e Timothée, frè nou, #I Kor 10:32a legliz Bondye ki nan Corinthe lan, avèk tout sen ki toupatou nan vil Achaïe yo: 2#Wo 1:7Lagras avèk nou ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a Jésus Kri.
3 #
Ef 1:3
Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; 4ki #És 51:12rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a. 5Paske menm jan #II Kor 4:10ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la. 6Men si nou aflije, se #II Kor 4:15pou rekonfò ak sali de nou menm. Si nou rekonfòte, se pou rekonfò pa nou, ki efikas pou nou ka sipòte avèk pasyans, menm soufrans ke nou menm isit la ap soufri yo tou. 7Konsa, espwa nou pou ou tout fonde byen fèm paske nou konnen #Wo 8:17menm jan ke ou pataje soufrans nou yo avèk nou, ou menm tou ap pataje rekonfò nou yo.
8Paske nou pa vle nou inyoran, frè m yo, de #Trav 19:23afliksyon ki te vini sou nou an Asie yo, ke nou te peze anpil anpil, menm depase fòs nou, pou nou te kab menm vin dezespere de lavi nou. 9Vrèman, nou te gen yon kondanasyon lanmò anndan nou, pou nou pa mete konfyans nan tèt nou, men nan Bondye ki fè mò yo leve a, 10ki te delivre nou soti de yon si gran danje lanmò, e Li va delivre nou. Se #I Tim 4:10sou Li menm nou te mete tout espwa nou an. Epi Li va toujou delivre nou; 11nou osi ki jwenn avèk nou menm nan lapriyè, pou remèsiman kapab bay pa #II Kor 4:15anpil moun pou nou, pou gras ke nou resevwa atravè priyè anpil moun.
12Paske konfyans fyète nou an se sa; temwayaj #Trav 23:1konsyans nou, ke nan sentete avèk senserite anvè Bondye, pa nan sajès lachè men nan gras Bondye a, nou kondwi tèt nou nan mond lan, e sitou vè nou menm. 13Paske nou pa ekri okenn lòt bagay bannou, sof ke sa nou kapab li ak konprann, e m espere ke nou va konprann #I Kor 1:8jiska lafen. 14Menm jan ou te osi konprann nou nan yon pati a, ke ou se rezon fyète nou nan #I Kor 1:8jou a Senyè nou an Jésus, menm jan tou ke ou se rezon fyète pa nou an.
15Epi premyèman, se te nan konfyans sila ke m te gen entansyon pou vin kote nou an, pou nou ta kapab resevwa yon #Wo 1:11benediksyon doub. 16Sa vle di, pou #Trav 19:21pase kote nou nan antre Macédoine, e osi nan soti Macédoine pou m vin kote nou, pou nou ta kapab ede m nan vwayaj mwen pou rive Judée. 17Konsa, èske m te varye lè m te fè nou konnen entansyon sa a? Oswa sa ke m te propoze a, èske m te propoze li #II Kor 10:2selon lachè? Konsa, li ta sanble wi e non ansanm k ap di nan menm lè a? 18Men jan #I Kor 1:9Bondye fidèl la, pawòl nou anvè ou menm se pa wi avèk non ansanm. 19Paske #Mat 4:3Fis Bondye a, Kris Jésus, ki te preche pami nou an, pa nou menm—mwen, Silvain, ak Timothée—pa t di wi e non, men te gen wi sèlman nan Li menm. 20Paske malgre fòs kantite #Wo 15:8pwomès Bondye yo kon bay, nan Li menm, pwomès yo se “wi”; konsa tou, pa Li menm tou, nou di “Amèn” pou laglwa Bondye atravè nou menm.
21Koulye a, #Wo 8:16Sila ki etabli nou avèk ou menm an Kris, epi ki te onksyone nou, se Bondye. 22Se Li ki te mete so Li sou nou e te bannou Lespri a nan kè nou kòm yon pwomès.
23Men #Wo 1:9mwen rele Bondye kòm temwen nanm mwen, ke se sèl pou m fè nou gras, m pa t vin Corinthe ankò. 24Se pa ke nou menm #II Kor 4:5ta domine fwa pa nou, men se ouvriye nou ye ansanm avèk ou pou lajwa ou. Paske nan lafwa a, ou deja kanpe fèm.
Chwazi Kounye ya:
II Korentyen Yo 1: BSA
Pati Souliye
Pataje
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith