II Kwonik Yo 36

36
1 # II Wa 23:30-34 Alò, pèp peyi a te pran Joachaz, fis Josias la, e yo te fè li wa nan plas papa li Jérusalem. 2Joachaz te gen venn-twazan lè l te vin wa, e li te renye twa mwa Jérusalem. 3Epi wa Egypte la te retire li sou pouvwa a Jérusalem, e li te egzije yon kontribisyon de san talan ajan ak yon talan lò sou peyi a. 4Wa Egypte la te fè Éliakim, frè l la, wa sou Juda avèk Jérusalem, e li te chanje non li an Jojakim. Men #Jr 22:10-12Néco te pran frè li a, Joachaz e te mennen li an Égypte.
5 # II Wa 23:36-37 Jojakim te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa e li te renye onzan Jérusalem. Li te fè mal nan zye SENYÈ a, Bondye li a. 6Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte kont li, e te #II Kwo 33:11mare li avèk chenn an bwonz pou mennen li Babylone. 7Anplis, #II Wa 24:13Nebucadnetsar te mennen kèk nan bagay ki sòti lakay SENYÈ a Babylone, e te mete yo nan tanp Babylone nan. 8Alò, tout lòt zèv a Jojakim yo avèk abominasyon ke li te fè yo, ak sa ki te twouve kont li yo, men vwala, yo ekri nan Liv A Wa A Israël Avèk Juda yo. Epi Jojakin, fis li a, te vin wa nan plas li.
9 # II Wa 24:8-17 Jojakin te gen laj a uitan lè l te vin wa, e li te renye twa mwa avèk dis jou Jérusalem. Li te fè mal nan zye SENYÈ a. 10Nan kòmansman ane a, Wa Nebucadnetsar te mennen li Babylone avèk bagay byen chè ki te sòti lakay SENYÈ a. Li te fè moun fanmi li, #Jr 37:1Sédécias, wa sou Juda avèk Jérusalem.
11 # II Wa 24:18-20 Sédécias te gen laj a ven-te-yen nan lè l te vin wa e li te renye pandan onzan Jérusalem. 12Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, Bondye li a. Li pa t imilye li menm #Jr 21:3-7devan Jérémie, pwofèt ki te pale pou SENYÈ a. 13#Jr 52:3Anplis, li te fè rebèl kont Wa Nebucadnetsar ki te fè li sèmante fidelite pou Bondye. Men #II Kwo 30:8li te fè tèt di, e avèk kè di, li te refize vire vè SENYÈ a, Bondye Israël la. 14Epi, ofisye a prèt yo avèk pèp la te manke fidèl anpil nan swiv tout abominasyon a nasyon yo, e yo te konwonpi kay ke SENYÈ a te fè sen Jérusalem nan.
15SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, te #Jr 7:13voye kote yo tout tan pa mesaje pa Li yo, akoz li te gen mizerikòd vè pèp li a ak sou kote ke Li te abite a; 16men yo te #II Kwo 30:10giyonnen mesaje Bondye yo, yo te meprize pawòl Li, e yo te moke pwofèt Li yo, jiskaske kòlè SENYÈ a te leve kont pèp Li a jiskaske pa t gen remèd pou sa.
17 # II Wa 25:1-7 Akoz sa, Li te mennen kont yo wa a Kaldeyen yo ki te touye jennonm yo avèk nepe nan kay sanktyè yo a, e Li pa t fè gras pou jèn moun, ni vyèj, ni granmoun, ni moun enfim. Li te livre tout nan men li. 18#II Kwo 36:7-10Tout bagay ki te sòti lakay SENYÈ a, gran kon piti, trezò lakay SENYÈ a ak trezò a wa yo avèk ofisye li yo, li te mennen tout Babylone. 19Anfen, #I Wa 9:8yo te brile kay Bondye a, yo te kraze miray Jérusalem nan, yo te brile tout konstriksyon fòtifye li yo avèk dife, e yo te detwi tout bagay valab li yo. 20Sila ki te chape anba nepe yo, li te #II Wa 25:11pote yo ale Babylone; epi yo te #Jr 27:7sèvitè li avèk fis li jiskaske wayòm Perse la te vin monte. 21Sa te fèt #Jr 29:10pou fin akonpli pawòl SENYÈ a pa bouch a Jérémie, jiskaske tè a te fin rejwi de tout Saba li yo. Pandan tout jou dezolasyon li yo, li te kenbe Saba a #Jr 25:11jiskaske swasann-dizan an te fin pase.
22Alò, nan premye ane Cyrus la, Perse la—-pou l te kab akonpli pawòl SENYÈ a #Jr 25:12pa bouch Jérémie——SENYÈ a te boulvèse lespri a Cyrus, wa Perse la, pou li ta voye yon pwoklamasyon toupatou nan wayòm li an e anplis, ekri li pou di: 23Konsa pale Cyrus, wa Perse la: “SENYÈ a, Bondye Syèl la, te ban mwen tout wayòm yo sou latè, e Li te mete m anba lòd pou bati pou Li yon kay Jérusalem, ki nan Juda. Ke SENYÈ a, Bondye pa li a, kapab avèk li e kite li monte.”

Chwazi Kounye ya:

II Kwonik Yo 36: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte