II Kwonik Yo 17

17
1 # I Wa 15:24 Josaphat, fis li a te devni wa nan plas li, e li te fè pozisyon li sou Israël byen fèm. 2Li te mete sòlda nan tout #II Kwo 11:5vil fòtifye Juda yo, e li te fè ganizon militè nan peyi Juda avèk nan vil Éphraïm #II Kwo 15:8ke papa li, Asa te kaptire yo. 3SENYÈ a te avèk Josaphat akoz li te swiv egzanp a zansèt li a, David, nan premye jou li yo, e li pa t chache Baal yo, 4men li te chache Bondye a zansèt li yo. Li te swiv kòmandman li yo, e li #I Wa 12:28pa t aji jan Israël te fè a. 5Pou sa, SENYÈ a te etabli wayòm nan sou kontwòl li, tout Juda te pote pèyman bay Josaphat e li te vin gen gwo richès avèk lonè. 6Li te fyè nan chemen SENYÈ a, e ankò li te rache wo plas yo avèk Asherim yo soti nan Juda.
7Konsa, nan twazyèm ane règn li a, li te voye reprezantan li yo, chèf Ben-Haïl yo, Abdias, Zacharie, Nethaneel, avèk Michée #II Kwo 15:3pou enstwi nan vil a Juda yo; 8epi avèk yo #II Kwo 19:8Levit yo, Schemaeja, Nethania, Zebadia, Adonija, Tobija ak Tob-Adonija; epi avèk yo, prèt yo, Élischama avèk Joram. 9#Det 6:4-9Yo te enstwi Juda avèk liv lalwa SENYÈ a ke yo te genyen avèk yo. Konsa, yo te ale toupatou nan tout vil Juda yo pou te enstwi pami pèp la.
10Alò, #II Kwo 14:14lakrent SENYÈ a te sou tout wayòm ki te antoure Juda yo, jiskaske yo pa t fè lagè kont Josaphat. 11Kèk nan Filisten yo te #II Kwo 9:14pote kado avèk lò kòm pèyman bay Josaphat. Arabyen yo tou te pote bann bèt ba li, sèt-mil-sèt-san belye ak sèt-mil-sèt-san mal kabrit. 12Josaphat te vin grandi de plizanplis e li te bati fò avèk vil depo nan Juda. 13Li te gen anpil depo nan vil a Juda yo ak gèrye yo, mesye ki plen kouraj Jérusalem yo. 14Men kontwòl selon lakay a papa zansèt yo: nan Juda, chèf a dè milye yo, Adna, chèf la avèk twa-san-mil mesye plen kouraj; 15epi akote li, Jochanan, chèf la, avèk de-san-katre-ven-mil mesye plen kouraj; 16epi akote li, Amasia, fis a Zicri a, ki te konsakre volontèman a SENYÈ a, avèk de-san-mil mesye plen kouraj. 17Pou Benjamin: Éliada, yon nonm plen kouraj, avèk de-san-mil mesye lame avèk banza ak boukliye defans, 18epi akote li, Zozobad, avèk san-katreven-mil mesye pou fè lagè. 19Se te sila ki te nan sèvis wa yo, yo pa menm konte #II Kwo 17:2sila ke wa a te pozisyone nan tout vil fòtifye pami tout Juda yo.

Chwazi Kounye ya:

II Kwonik Yo 17: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte