I Samuel 19
19
1Alò, Saül te pale Jonathan, fis li a ak tout sèvitè li yo pou mete David a lanmò. Men #I Sam 18:1-3 Jonathan fis a Saül la te fè kè kontan anpil akoz David. 2Pou sa, Jonathan te pale David. Li te di: “Papa m vle mete ou a lanmò. Pou sa, souple, veye anpil nan maten an. Ale nan kote kache a, e rete la. 3Mwen va sòti e kanpe akote papa m nan chan kote ou ye a. Mwen va pale avèk papa m selon ou menm. Epi #I Sam 20:9-13si mwen vin konprann yon bagay, alò, mwen va di ou.”
4Konsa, Jonathan te #I Sam 20:32pale ak Saül, papa li, kèk bon pawòl sou David. Li te di li: “Pa kite wa a peche kont sèvitè li, David. Paske li menm pa t peche kont ou; akoz zèv pa li yo, li te ede ou anpil. 5Paske li te pran vi li nan men l. Li te frape Filisten an, e #I Sam 11:13SENYÈ a te fè rive yon gran delivrans pou tout Israël. Ou te wè e ou te rejwi. Konsa, poukisa ou ta peche kont san inosan an nan mete David a lanmò san koz?”
6Saül te koute vwa a Jonathan, e Saül te fè ve: “Jan SENYÈ a viv la, li p ap mete a lanmò.”
7Alò, Jonathan te rele David e li te di li tout pawòl sila yo. Epi Jonathan te mennen David vè Saül, e li te vin nan prezans li kòm #I Sam 16:21oparavan.
8Lè te gen lagè ankò, David te sòti pou te goumen avèk Filisten yo, e te bat yo avèk yon gwo masak, jiskaske yo te sove ale devan li.
9Alò, te genyen yon #I Sam 16:14move lespri ki sòti nan SENYÈ a sou Saül pandan li te chita lakay li avèk yon frenn nan men li, pandan David t ap jwe ap la avèk men li. 10#I Sam 18:11Saül te tante frennen David pou kloure li nan mi an avèk frenn nan, men li te chape kite prezans a Saül. Konsa, frenn nan te kloure nan mi lan. David te sove ale e te pran flit menm nwit sa. 11#Jij 16:2Saül te voye mesaje yo lakay David pou yo ta veye li, avèk entansyon pou mete l a lanmò nan maten an. Men Mical, madanm a David la te avèti li. Li te di: “Si ou pa sove lavi ou aswè a, demen ou va mete a lanmò.” 12Konsa, Mical te fè David lage#Trav 9:25desann nan yon fenèt. Li te sòti deyò e te chape ale. 13Mical te pran zidòl kay la e li te poze li sou kabann nan. Li te mete yon kouvèti fèt avèk plim kabrit kote tèt li e te kouvri li avèk rad. 14Lè Saül te voye mesaje yo pran David, li te di: #Jos 2:5“Li malad.”
15Alò, Saül te voye mesaje yo wè David, e li te di: “Mennen li monte kote mwen sou kabann li, pou m kab mete l a lanmò.” 16Lè mesaje yo te antre, gade byen, zidòl kay la te sou kabann nan avèk kouvèti plim kabrit la sou tèt li.
17Konsa, Saül te di a Mical: “Poukisa ou te twonpe m konsa e kite lènmi mwen an ale jiskaske li vin chape?”
Mical te reponn Saül: “Li te di mwen, ‘Kite mwen ale! #II Sam 2:22Poukisa mwen ta bezwen mete ou a lanmò?’”
18Alò David te sove ale e te chape rive #I Sam 7:17vè Samuel nan Rama. Epi li te di li tout sa ke Saül te fè l. Li menm avèk Samuel te ale rete Najoth. 19Koze sa a te rive kote Saül ke: “Gade byen, David nan Najoth nan Rama.”
20Epi Saül te voye mesaje yo pran David. Men lè yo te wè konpayi pwofèt yo ki t ap pwofetize ansanm avèk Samuel, ki te kanpe kòm dirijans sou yo, Lespri Bondye te vini sou mesaje Saül la, epi #Nonb 11:25yo tou te pwofetize. 21Lè sa te pale a Saül, li te voye lòt mesaje. Epi yo menm tou te vin pwofetize. Alò, Saül te voye mesaje yon twazyèm fwa, e yo anplis te pwofetize.
22Epi li menm tou te ale Rama pou kont li e te rive jis nan gran pwi ki nan Secu a. Li te pale e te di: “Kote Samuel avèk David?” Epi yon moun te di:
“Veye byen, yo nan Najoth nan Rama.”
23Li te kontinye jis rive nan Najoth nan Rama. Konsa, #I Sam 10:10Lespri Bondye te vini sou li tou jiskaske li t ap pwofetize pandan nan wout la pou rive kote Najoth nan Rama a. 24Anplis, li te retire rad li, li tou te pwofetize devan Samuel e li te kouche toutouni tout jounen an ak tout nwit lan. Pou sa, yo konn di: #I Sam 10:10-12“Èske Saül, osi, pami pwofèt yo?”
Chwazi Kounye ya:
I Samuel 19: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith