I Pierre 1

1
1Pierre, yon apot Jésus Kri, a sila ki rete a #I Pi 2:11letranje yo, ki gaye nan Pont, Galatie, Cappadoce, Asie ak Bithynie, sila #Mat 24:22ki chwazi davans yo, 2selon konesans #Wo 8:29davans a Bondye, Papa a, pa travay Lespri Sen an, #II Tes 2:13pou nou ta kapab obeyi Jésus Kri e vin aspèje avèk san Li: Ke lagras ak lapè kapab pou nou nan pi gran mezi.
3Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki #Tit 3:5selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa #I Kor 15:20rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a 4pou jwenn yon #Trav 20:32eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou 5ki #Jn 10:28pwoteje pa pwisans Bondye a #Ef 2:8pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an. 6#Wo 5:2Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a #I Pi 5:10pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv, 7pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, #Wo 2:7pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a. 8Epi #Jn 20:29malgre nou poko wè Li, nou #Ef 3:19renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa 9ki fè #Wo 6:22kon rezilta lafwa nou an, sali de nanm nou.
10 # Mat 13:17 Selon sali sila a, pwofèt yo ki te pwofetize lagras ki te gen pou vini a nou menm nan, te fè rechèch ak ankèt pa yo, 11pou chèche konnen ki moun, oubyen a kilè #II Pi 1:21Lespri a Kris la anndan yo a, t ap endike lè li te pwofetize soufrans a Kris ak glwa ki t ap swiv yo a.
12Li te revele a yo ke se pa pwòp tèt yo ke yo t ap sèvi, men ou menm, nan bagay sa yo ke koulye a, gen tan anonse a nou pa sila ki te preche levanjil a nou menm yo pa #Trav 2:2Lespri Sen ki te sòti nan syèl la—bagay ke menm zanj yo lanvi konprann.
13Konsa #Ef 6:14prepare panse nou pou nou kab aji; #I Tes 5:6,8 rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a— 14Kòm timoun obeyisan #Wo 12:2pa vin konfòme nou a dezi lachè ke nou te genyen oparavan lè nou te nan inyorans lan, 15men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an #II Kwo 7:1se pou nou vin sen, osi #Jc 3:13nan tout konpòtman nou. 16Paske sa ekri: #Wo 12:2“Nou dwe sen, paske Mwen Sen.”
17Si nou #Sòm 89:26adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.
18Epi konsa, konnen ke nou pa t #És 52:3rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan #Ef 4:17mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo, 19men avèk #Trav 20:28san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm. 20Paske Li te #Trav 2:23deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm 21ki pa Li menm #Wo 4:24kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.
22Akoz ke obeyisans a verite a te vin #Jc 4:8pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè, 23paske nou te #Jn 3:3ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.
24Paske:
# És 40:6 “Tout chè tankou zèb,
e tout laglwa li tankou flè zèb la.
Zèb la fennen, e flè a vin tonbe,
25men pawòl Senyè a dire pou tout tan.”
E sa se pawòl ki te preche a nou menm nan.

Chwazi Kounye ya:

I Pierre 1: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte