I Korentyen Yo 15

15
1Koulye a, mwen fè konnen a nou menm, frè m yo, levanjil #Wo 5:2ke mwen te preche a nou an, ke osi nou te resevwa a ladann osi nou kanpe. 2Pa li menm osi nou ap sove, #Wo 11:22si nou kenbe fèm a pawòl ke m te preche a nou an, amwenske nou te kwè anven.
3Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te #Gal 1:4mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo, 4ke Li te antere, e ke Li te leve nan twazyèm jou a #Sòm 16:8selon Ekriti yo. 5Epi ke #Luc 24:34Li te parèt a Céphas, e answit, a #Luc 24:36douz yo. 6Apre sa, Li te parèt a plis ke senk san frè yon sèl kou, pifò nan yo rete la jiska prezan, malgre kèk nan yo #Trav 7:60gen tan mouri. 7Answit Li te parèt a Jacques, e answit #Luc 24:33,36tout apot yo. 8Epi an dènye, tankou youn pitit ki pa t fèt nan pwòp moman an, #Trav 9:3-8Li te parèt a mwen menm tou.
9Paske mwen se #I Tim 1:15pi piti a pami apot yo, e ki pa menm dign pou rele apot, paske mwen te konn #Trav 8:3pèsekite legliz Bondye a.
10Men, pa #Wo 12:3gras Bondye, mwen sa ke mwen ye a, e gras Li anvè mwen pa anven, men mwen te #II Kor 11:23travay menm plis pase yo tout, malgre se pa t mwen, men gras a Bondye ki te avè m nan.
11Alò, kit se te pa mwen, kit se te pa yo, konsa nou te preche, epi konsa nou tout te kwè.
12Alò, si Kris la preche, ke Li te leve nan lanmò, kijan kèk pami nou ap di ke #Trav 17:32pa gen rezirèksyon mò yo? 13Si pa gen rezirèksyon pou mò yo, menm Kris la pa t leve. 14Epi #I Tes 4:14si Kris la pa t leve, answit nou ap preche anven, e lafwa nou osi anven. 15Anplis ke sa, nou menm vin twouve nou kòm fo temwen a Bondye, paske nou te temwaye kont Bondye, ke Li te #Trav 2:24leve Kris la, ke Li pa t leve vrèman, si anfèt mò yo pa leve. 16Paske si mò yo pa leve, menm Kris la pa t leve.
17Epi si Kris la pa t leve, lafwa nou vin san valè, e #Wo 4:25nou toujou nan peche nou yo.
18Answit sila ki #I Kor 15:6mouri nan Kris yo peri.
19Konsa, si nou te mete espwa nou nan Kris sèlman nan vi sa a, nou pami moun ki pi pitwayab #I Kor 4:9ke tout moun.
20Men alò, Kris te vrèman leve soti nan lanmò, kon #I Kor 15:23premye fwi de sila #I Tes 4:16ki mouri yo. 21Paske si se pa #Wo 5:12yon sèl moun, lanmò te vini, pa yon moun osi, rezirèksyon mò yo te vini. 22Paske #Wo 5:14-18tankou nan Adam tout moun te mouri an, menm jan an tou nan Kris tout moun va gen lavi.
23Men chak moun nan pwòp lòd li: Kris, kon premye fwi yo, apre sa #I Tes 4:16sila ki nan Kris yo lè L vini. 24Answit va vini lafen, lè Li livre #Dan 2:44wayòm nan a Bondye, Papa a, lè Li fin aboli tout wayòm yo, tout otorite yo, avèk tout pwisans yo. 25Paske fòk li renye #Sòm 110:1jiskaske Li mete tout lènmi Li yo anba pye Li. 26Dènye lènmi ki va #II Tim 1:10aboli a se lanmò.
27Paske #Sòm 8:6“Li te fè tout bagay soumèt anba pye Li.” Men lè Li di: “Tout bagay soumèt”, li byen klè ke Li menm ki te fè tout bagay soumèt a Li menm nan, pa ladann.
28Lè tout bagay soumèt a Li menm, answit Fis la, Li menm, osi va vin soumèt a Sila ki te soumèt tout bagay a Li menm nan, pou #I Kor 12:6Bondye kapab tout nan tout bagay.
29Otreman, kisa sila yo ki batize pou mò yo va fè? Si mò yo pa leve menm, alò poukisa yo batize pou yo? 30Poukisa nou menm tou, nou #II Kor 11:26an danje a chak moman? 31Mwen dakò fè nou konnen, frè m yo, pa fyète ke m gen nan nou, ak nan Jésus Kri Senyè nou an, #Wo 8:36mwen mouri chak jou.
32Si se te pou yon motif moun ke m te goumen avèk bèt sovaj chak jou an Éphèse yo, ki pwofi sa t ap ban mwen? Si mò yo pa leve #És 22:13“Annou manje ak bwè, paske demen n ap mouri.” 33#I Kor 6:9Pa twonpe tèt nou: “Move zanmi gate bon prensip.” 34Vin reflechi byen serye jan nou ta dwe fè a, e sispann fè peche; paske kèk nan nou #Mat 22:29pa menm gen konesans a Bondye. Mwen pale sa pou fè nou wont.
35Men yon moun va di: “Kijan #Jn 12:24mò yo leve a?” Epi “avèk ki kalite kò yo ap vini?”
36Moun sòt! Sa ke nou simen pa kapab vin gen lavi amwenske li mouri; 37Epi sa ke nou simen an, nou pa simen kò a li menm, men yon senp ti grenn, petèt yon ble oubyen yon lòt bagay.
38Men Bondye bay li yon kò jis jan ke Li te dezire a, e a #Gal 1:11chak grenn semans yo yon kò pou kont li. 39Tout chè pa menm kalite chè. Gen yon chè pou lòm, e yon lòt chè pou bèt, yon lòt chè pou zwazo, e yon lòt pou pwason. 40Gen osi kò selès ak kò tèrès, men laglwa selès la se youn, e laglwa tèrès la se yon lòt. 41Gen yon glwa nan solèy la, yon lòt glwa nan lalin lan, e yon lòt nan zetwal yo; paske chak zetwal apa nan glwa li.
42Menm jan an tou pou rezirèksyon a mò yo. Li simen kòm #Wo 8:21yon kò perisab, men li leve kòm yon kò enperisab.
43Li simen nan dezonè, li leve nan #Fil 3:21laglwa. Li simen nan feblès, li leve nan pouvwa.
44Li simen kòm yon #I Kor 2:14kò natirèl; li leve kòm yon kò espirityèl. Si gen yon kò natirèl, anplis gen yon kò espirityèl.
45Menm jan an osi sa ekri: “Premye #Jen 2:7lòm nan, Adam, te devni yon nanm vivan.” Dènye Adam an, Jésus Kris, yon lespri ki bay lavi. 46Sepandan, sa ki gen lespri a pa vini avan, men sa ki natirèl la, answit sa ki gen lespri a. 47Premye lòm nan #Jn 3:31sòti nan latè. Li se moun tèrès. Dezyèm lòm nan sòti nan syèl la. 48Jan tè a ye a, se konsa sila ki tèrès yo ye tou; e #Fil 3:20menm jan selès la ye a, konsa selès yo ye tou. 49Jis jan ke nou #Jen 5:3pote imaj a tèrès la, konsa osi nou #Wo 8:29va pote imaj a selès la. 50Alò m ap di sa, frè m yo, ke chè ak san pa kapab #I Kor 6:9eritye wayòm Bondye a; ni sa ki perisab la pa kapab eritye sa ki enperisab la.
51Gade byen, m ap di nou yon #I Kor 13:2mistè. Se pa nou tout ki va mouri, men nou tout va #II Kor 5:2,4chanje, 52nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e #I Tes 4:15,17nou tout va vin chanje. 53Paske perisab la dwe abiye avèk enperisab la, e #II Kor 5:4mòtèl sa a dwe abiye avèk imòtalite. 54Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: #És 25:8“Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”
55 # Os 13:14 “O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?”
56Doulè pikan lanmò a se peche, e #Wo 3:20pouvwa a peche a se Lalwa a.
57Men gras a Bondye, ki bannou #Wo 8:37viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 58Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk #I Kor 16:10bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.

Chwazi Kounye ya:

I Korentyen Yo 15: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte