I Kwonik Yo 8
8
1 #
Jen 46:21
Benjamin te devni papa a Bela, premye ne li a, Ashbel, dezyèm nan, Aharah, twazyèm nan, 2Nocha, katriyèm nan ak Rapha, senkyèm nan. 3Bela te fè fis: Addar, Guéra, Abihud, 4Abischua, Naaman, Achoach, 5Guéra, Schephuphan ak Huram. 6Men fis a Echud yo, ki te chèf nan fanmi pa yo pami moun Guéba yo e ki te pote an egzil nan Manachath: 7Naaman, Achija ak Guéra. Guéra, sila ki te ale an egzil la, te devni papa a Uzza avèk Achichud.
8Schacharaïm te fè pitit nan peyi Moab lè li te fin fè sòti madanm li yo, Hushim ak Baara. 9Avèk Hodesch, madanm li an, li te devni papa a Jobab, Tsibja, Méscha, Malcam, 10Jeuts, Schocja ak Mirma. Sila yo se te fis li yo, chèf lakay zansèt pa yo 11Pa Huschim, li menm Schacharaïm te vin papa Abithub avèk Eipaal. 12Fis a Elpaal yo: Éber, Mischeam, avèk Schémer, ki te bati Ono avèk Lod avèk vil pa li yo; 13epi Beria avèk Schéma, ki te chèf lakay fanmi zansèt pa yo pami moun Ajalon yo, ki te fè moun Gath yo sove ale, 14epi Achjo, Schaschak, Jerémpoth, 15Zebadja, Arad, Éder, 16Micaël, Jischpha avèk Jocha te fis a Beria. 17Zebadja, Meschullam, Hizki, Héber, 18Jischmeraï, Jizlia avèk Jobab te fis a Elpaal. 19Jakim, Zicri, Zabdi, 20Éliénaï, Tsilthaï, Éliel, 21Adaja, Beraja ak Schimrath te fis a Shimei. 22Jischpan, Éber, Éliel, 23Abdon, Zicri, Hanan, 24Hananja, Élam, Anthothija, 25Jiphdeja avèk Penuel te fis a Schaschak. 26Schamscheraï, Schecharia, Athalia, 27Jaaréschia, Élija ak Zicri te fis a Jerocham. 28Sila yo se te chèf a fanmi zansèt pa yo selon jenerasyon pa yo, chèf ki te rete Jérusalem yo,
29 #
I Kwo 9:35-38
Alò, nan Gabaon, te rete Jeiel, papa a Gabaon an e madanm li te rele Maaca; 30epi fis premye ne pa l la se te Abdon ak Tsus, Kis, Baal, Nadab, 31Guedor, Achjo ak Jéker. 32Mikloth te fè Schimea. Yo menm tou te rete Jérusalem avèk fanmi pa yo anfas lòt moun fanmi pa yo. 33#I Kwo 9:39-44Ner te vin papa a Kis e Kis te vin papa a Saül: Saül te vin papa a Jonathan, Malki-Schua, Abinadab ak Eschbaal. 34Fis a Jonathan yo: Merib-Baal. #II Sam 9:12Merib-Baal te fè Michée. 35Fis a Michée yo: Pithon, Mélec, Thaeréa avèk Achaz. 36Achaz te fè Jehoadda; Jehoadda te fè Alémeth, Azmaveth avèk Zimri; Zimri te fè Motsa; 37Motsa te fè Binea. Rapha te fis pa li; Éleasa, fis pa li a, Atsel, fis pa li a; 38Atsel te fè sis fis; men non yo: Azrikam, Bocru, Ismaël, Schearia, Abdias avèk Hanan. Tout sa yo se te fis a Atsel yo. 39Fis a Éschek yo, frè li a: Ulam, premye ne li a, Jeusch, dezyèm nan ak Éliphéleth, twazyèm nan. 40Fis a Ulam yo te mesye pwisan, ranpli ak kouraj, achè yo, avèk anpil fis e fis a fis, san-senkant antou. Tout sa yo se te fis a Benjamin.
Chwazi Kounye ya:
I Kwonik Yo 8: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith