I Kwonik Yo 25
25
1Anplis, David avèk kòmandan lame yo te mete apa pou sèvis kèk nan fis a Asaph yo, Héman ak Jeduthun pou #II Wa 3:15pwofetize avèk gita yo, ap ak senbal; epi fòs kantite moun ki te fè sèvis pa yo se te: 2Nan fis a Asaph yo: Zaccur, Joseph, Nethania avèk Aschareéla; fis a Asaph yo te anba direksyon a Asaph, ki te pwofetize anba direksyon a wa a. 3#I Kwo 16:41-42Selon Juduthun, fis a Juduthun yo: Guedalia, Tseri, Ésaïe, Haschabia, Matthithia avèk Schimeï, sis, anba direksyon a papa yo, Juduthun, avèk ap la, ki te konn pwofetize nan bay remèsiman avèk lwanj SENYÈ a. 4Selon Héman, fis a Héman nan: Bukkija, Matthania, Uziel, Schebuel, Jerimoth, Hanania, Hanani, Éliatha, Guiddalthi, Romamthi-Ézer, Joschbekascha, Mallòthi, Hothir, Machazioth. 5Tout sila yo te fis a Héman yo, #II Sam 24:11konseye a wa a ki pou bay li ekspiyasyon selon pawòl a Bondye; paske Bondye te bay katòz fis ak twa fi a Héman. 6Tout te anba direksyon a papa yo pou chante lakay SENYÈ a, avèk senbal, ap ak gita yo, pou sèvis kay Bondye a. #I Kwo 15:16-19Asaph, Jeduthun avèk Héman te anba direksyon wa a. 7Fòs kantite nan yo ki te prepare kon chantè a SENYÈ yo, avèk manm fanmi pa yo, tout te byen abil, te #I Kwo 23:5de-san-katreven-di-zuit. 8Yo te tire osò pou travay tach yo, tout menm jan an, piti kon gran, pwofesè kon elèv.
9Alò, premye tiraj osò a te tonbe a Asaph pou Joseph, dezyèm nan pou Guedalia, li menm, fanmi li ak fis pa li yo te fè douz; 10Twazyèm nan a Zaccur, fis li yo avèk fanmi li, douz; 11katriyèm nan a Jìtseri, fis li yo avèk fanmi li, douz; 12senkyèm nan a Nethania, fis li yo avèk fanmi li, douz; 13sizyèm nan a Bukkija, fis li yo avèk fanmi li, douz; 14setyèm nan a Jesareéla, fis li yo avèk fanmi li, douz; 15uityèm nan a Ésaïe, fis li yo avèk fanmi li, douz; 16nevyèm nan a Matthania, fis li yo avèk fanmi li, douz; 17dizyèm nan a Schimeï, fis li yo avèk fanmi li, douz; 18onzyèm nan a Azareel, fis li yo avèk fanmi li, douz; 19douzyèm nan a Haschabia, fis li yo avèk fanmi li, douz; 20trèzyèm nan a Schubaël, fis li yo avèk fanmi li, douz; 21katòzyèm nan a Matthithia, fis li yo avèk fanmi li, douz; 22kenzyèm nan a Jerémoth, fis li yo avèk fanmi li, douz; 23sèzyèm nan a Hanania, fis li yo avèk fanmi li, douz; 24di-setyèm nan a Joschbekascha, fis li yo avèk fanmi li, douz; 25di-zuityèm nan a Hanani, fis li yo avèk fanmi li, douz; 26diz-nevyèm nan a Mallothi, fis li yo avèk fanmi li, douz; 27ventyèm nan a Élijatha, fis li yo avèk fanmi li, douz; 28ven-te-inyèm nan a Hothir, fis li yo avèk fanmi li, douz; 29venn-dezyèm nan a Guiddalthi, fis li yo avèk fanmi li, douz; 30venn-twazyèm nan a Machazioth, fis li yo avèk fanmi li, douz; 31venn-katriyèm nan a Romamthi-Ézer, fis li yo avèk fanmi li, douz.
Chwazi Kounye ya:
I Kwonik Yo 25: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith