I Kwonik Yo 13

13
1Alò, David te fè konsèy ansanm avèk kapitèn a dè milye a dè santèn, menm avèk chak chèf. 2David te di a tout asanble Israël la: “Si li sanble bon a nou menm e si li soti nan SENYÈ a, Bondye nou an, annou voye toupatou mesaje a fanmi pa nou ki rete nan peyi Israël yo e osi, a prèt avèk Levit ki avèk yo nan vil pa yo, avèk teren pa yo, pou yo kapab reyini ansanm avèk nou. 3Konsa, annou pote tounen lach Bondye pa nou an, #I Sam 7:1-2paske nan jou Saül yo, nou pa t chache li.”
4Alò, tout asanble a te di ke yo ta fè l, paske bagay la te bon nan zye a tout pèp la. 5Konsa, David te rasanble tout Israël ansanm, soti nan Sichor nan Egypte jis rive nan antre Hamath, pou pote lach Bondye a soti Kirjath-Jearim.
6 # II Sam 6:2-11 David avèk tout Israël te monte Baalah, sa vle di nan Kirjath-Jearim, ki apatyen a Juda, pou pote monte soti la, lach Bondye a, SENYÈ a, ki sou twòn li antre cheriben yo, kote non Li ap rele a. 7Yo te pote lach Bondye a sou yon kabwèt nèf soti lakay Abinadab, Uzza avèk Achjo te kondwi kabwèt la. 8David avèk tout Israël t ap selebre devan Bondye avèk tout fòs yo, #I Kwo 15:16menm avèk chan, avèk gita yo, ap yo, tanbouren yo, senbal yo ak twonpèt yo.
9Lè yo te rive nan #II Sam 6:6glasi vannen an nan Cidon, Uzza te lonje men l pou bay soutyen a lach la akoz bèf yo te prèt pou chavire l. 10Lakòlè SENYÈ a te brile kont Uzza e Li te frape li #I Kwo 15:13-15akoz li te lonje men l vè lach la; epi li te mouri la devan Bondye. 11Konsa, David te vin fache akoz kòlè SENYÈ a te pete kont Uzza. Li te rele plas sa a Pérets-Uzza jis rive jodi a. 12David te krent Bondye nan jou sa a, epi te di: “Kijan mwen kapab pote lach Bondye lakay mwen?” 13Pou sa, David pa t pran lach la avèk li lavil David, men te pran l sou kote #I Kwo 15:25kay Obed-Édom an nan Gath. 14Konsa, lach Bondye a te rete avèk fanmi a Obed-Édom lakay li pandan twa mwa. Epi #I Kwo 26:4-5SENYÈ a te beni fanmi Obed-Édom an avèk tout sa li te genyen.

Chwazi Kounye ya:

I Kwonik Yo 13: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte