M rekòmande nou sè Febe. Li se yon dyakonès nan legliz ki nan lavil Sankre. Resevwa li nan non Senyè a. Ede l nan nenpòt fason l ta gen bezwen. Li menm, li se yon byenfetè pou anpil moun, mwen menm, m se youn nan yo. Resevwa l nan jan moun Bondye yo ta fè sa. Salye Prisil ak Akilas pou mwen. Yo se kolaboratè mwen nan Jezikris. Yo te riske lavi yo pou yo te ka sove m. M genyen yo rekonesans, epi tout legliz pami moun ki pa Jwif yo genyen yo rekonesans tou. Salye legliz ki reyini lakay yo a tou. M ap salye bon zanmi m Epayinèt. Se te premye moun ki te aksepte Kris an Azi. Salye Mari pou mwen tou. Li te travay anpil pou ou menm. Salye Andwonikis ak Jinya. Moun sa yo se fanmi mwen epi yo te nan prizon avè m. Yo menm te disip Kris anvan m. Epi yo fè pati moun ki pi enpòtan Kris voye pou fè travay li Salye Anpliyatis, bon zanmi m nan Senyè a. Salye Ibanis tou. Li te travay ansanm avè n pou Kris la. Salye Estakis tou, zanmi m
Li Wòm 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Wòm 16:1-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo