Lè ou ap priye pa fè tankou ipokrit yo. Yo renmen kanpe nan sinagòg ak nan kafou pou priye byen fò, paske yo bezwen lòt moun wè y ap priye. Anverite m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja. Men ou menm lè ou ap priye antre nan chanm ou, fèmen pòt la. Apre sa, priye Papa w. Li menm ki konnen tout sekrè, l ap ba w rekonpans ou. Lè ou ap lapriyè, pa plede ap repete menm mo yo plizyè fwa menm jan ak moun ki pa konnen Bondye yo. Yo panse se afòs yo pale anpil yo va jwenn repons. Pa fè tankou moun ki pa konn Bondye yo, paske Papa w konnen sa w gen bezwen, anvan menm ou mande l. Men kijan ou dwe priye: Papa nou ki nan syèl la, se pou tout moun fè lwanj pou non ou ki sen. Vin tabli wayòm ou an. Se pou volonte w fèt sou tè a menm jan ak nan syèl la. Ban nou jodi a jou manje nou bezwen pou chak jou. Padone peche nou yo menm jan nou menm nou padone moun ki fè nou mal. Pa kite nou tonbe anba tantasyon, men delivre nou anba mechan an. Si nou padone lòt moun ki fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la ap padone nou tou. Men si nou pa padone lòt moun yo, Papa nou ki nan syèl la p ap padone nou nonplis. Lè nou ap fè jèn, pa fè figi nou long tankou ipokrit. Yo fè figi yo tris pou tout moun ka wè y ap jene. Anverite m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja. Men nou menm, lè n ap jene, lave vizaj nou. Fè figi nou byen fre. Konsa, moun pa menm konnen si n ap fè jèn, men Papa nou ki nan syèl la, ki konnen tout ti sekrè, li va ban nou rekonpans nou.
Li Mat 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mat 6:5-18
7 Jou
Jezi te pataje ansèyman sou plizyè sijè—tankou benediksyon ki dire lontan, adiltè, lapriyè, ak plis ankò. Ki sans mesaj sa a genyen pou moun jodi a? Chak jou, yon ti videyo montre yon pasaj nan ansèyman li yo.
21 Days
Start your new year with a focus on the spiritual discipline of fasting. This plan includes several passages about fasting and others that encourage reflection and closeness to God. For 21 days, you'll get a daily Bible reading, a brief devotional, reflection questions, and a prayer focus. For more content, check out www.finds.life.church.
Learn how best to pray, both from the prayers of the faithful and from the words of Jesus Himself. Find encouragement to keep taking your requests to God every day, with persistence and patience. Explore examples of empty, self righteous prayers, balanced against the pure prayers of those with clean hearts. Pray constantly.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo