Pèsonn pa ka janm sèvi de mèt alafwa. Se oubyen li rayi youn epi li renmen lòt la. L ap sèvi youn byen epi l ap meprize lòt la. Li pa posib pou nou sèvi Bondye ak richès anmenmtan. Se poutèt sa mwen di nou: Pa bay kò nou traka pou kisa n ap manje, osinon ki kote n ap jwenn rad pou n met sou nou. Èske lavi pa gen plis valè pase manje? Èske kò a pa gen plis valè pase rad? Gade zwazo yo k ap vole, yo pa simen, yo pa rekòlte, yo pa gen depo manje. Epoutan, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje pou yo manje. Èske nou pa gen plis valè pase zwazo yo? Kilès nan nou ki ka ajoute menm yon sèl èdtan sou lavi li afòs li bay tèt li traka pou sa? Poukisa n ap bay tèt nou traka kon sa pou rad? Gade jan flè ki nan raje yo grandi. Yo pa travay, yo pa koud rad. M ap di nou sa, menm wa Salomon, nan tout laglwa li, li pa t abiye bèl tankou youn nan flè sa yo. E si zèb nan jaden jodi a, zèb yo pral boule nan dife demen, Bondye pran tan pou l abiye yo si bèl, e nou menm atò? Ala piti lafwa nou piti! Pa kòmanse ap chaje tèt nou sou kisa n pral manje, kisa n pral bwè, oswa kisa n pral met sou nou. Se moun ki pa konnen Bondye ki toujou ap kouri dèyè bagay sa yo. Papa nou ki nan syèl la deja konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Konsa, wayòm Bondye a ak jan l mande pou nou viv dwe gen premye plas nan kè nou. Bondye ap ban nou tout lòt sa nou bezwen kòm degi.
Li Mat 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mat 6:24-33
4 Jou
Gid lekti pou kat jou sa ap founi je gade ak nou kijan lè yon moun grangou pou konnen Bondye epi pou fè lòt moun konnen Li sa ap pouse nou viv nan plan Li genyen pou nou. Ann dekouvri kisa ki fè David tounen yon nonm selon kè Bondye - epi kijan ou menm tou ou ka viv ak pasyon pou Bondye, jwi de yon zanmitay ak Jezi kote konfyans ou nan Li va satisfè bezwen ou yo. YouVersion devlope leson sa a pou ou.
7 Days
Surrender to Jesus is a life-defining moment. But what does this decision mean and how do we live it each day? Is this only for the big decisions of life, or the super-spiritual person? Fear, previous failures, and misunderstanding can hold us back. "Go Do Say Give" is a pledge/prayer that unpacks how to take the next steps in your spiritual journey. Experience the freedom that comes with following Jesus.
7 Jou
Jezi te pataje ansèyman sou plizyè sijè—tankou benediksyon ki dire lontan, adiltè, lapriyè, ak plis ankò. Ki sans mesaj sa a genyen pou moun jodi a? Chak jou, yon ti videyo montre yon pasaj nan ansèyman li yo.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo