Mat 27:3-8

Mat 27:3-8 VKF

Lè Jida, moun ki te trayi Jezi a, wè yo pral touye l, li regrèt sa l te fè a. Li pote trant pyès lajan an remèt chèf prèt yo ak lòt lidè Jwif yo. Li di: “Mwen peche paske mwen te livre yon nonm inosan bay lènmi l yo pou yo touye l.” Yo reponn li: “Ki mele nou? Sa a se biznis pa w!” Jida voye pyès lajan yo anndan tanp la, epi l soti, l al pann tèt li. Chèf prèt yo ranmase pyès lajan yo, epi yo di: “lajan sa a se lajan san, lalwa pa pèmèt nou mete l nan kès tanp la.” Konsa, yo mete yo dakò pou yo achte yon tèren yo rele Jaden Potye a. Tèren sa a te sèvi simityè pou vizitè ki mouri pandan y ap vizite Jerizalèm. Se poutèt sa, depi lè a, yo rele tèren kot simityè a ye a Jaden San.

Li Mat 27