Mat 27:1-5
Mat 27:1-5 VKF
Byen bonè nan maten, tout chèf prèt yo ak tout lidè Jwif yo te pran desizyon pou yo touye Jezi. Yo mare li, yo kondui li epi yo livre l bay Pilat, gouvènè a. Lè Jida, moun ki te trayi Jezi a, wè yo pral touye l, li regrèt sa l te fè a. Li pote trant pyès lajan an remèt chèf prèt yo ak lòt lidè Jwif yo. Li di: “Mwen peche paske mwen te livre yon nonm inosan bay lènmi l yo pou yo touye l.” Yo reponn li: “Ki mele nou? Sa a se biznis pa w!” Jida voye pyès lajan yo anndan tanp la, epi l soti, l al pann tèt li.

