An nou chache tout jan nou ka ankouraje youn lòt pou n pratike renmen epi fè bon zèv. An nou pa neglije reyinyon nou yo, jan kèk moun gen tan fè l. Wi, nou dwe kontinye ankouraje youn lòt. Li vin pi enpòtan toujou pou nou fè l paske Jou a pa lwen rive. Si nou deside pou nou kontinye nan peche nou yo apre nou fin tande verite a, alò pa gen okenn lòt sakrifis ki ka retire nou nan peche nou yo. Si nou kontinye nan peche, sèl sa ki rete pou nou se pare tann jou tèrib jijman an avèk dife ki pa ret ak dife ki gen pou detwi sila yo ki nan rebelyon kont Bondye. Yo te bezwen temwayaj de oubyen twa temwen sèlman pou kondane moun ki te vyole lalwa Moyiz la. Moun sa a te jwenn lanmò san okenn konpasyon. Alò, reflechi pou nou wè ki gwo pinisyon ki rezève pou moun ki meprize Pitit Bondye a, moun ki montre yo pa gen okenn respè pou san sakrifis ki te kòmanse nouvo kontra a epi ki te rann nou pwòp la, oubyen moun ki pale Sentespri ki fè nou gras la mal. Nou konnen byen sa Bondye di: “M ap kontre ak moun k ap fè mal yo; m ap ba yo sa yo merite.” Li di ankò: “Senyè a gen pou jije pèp li a.” Se yon bagay tèrib pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an! Sonje jan nou te rete fidèl depi nan kòmansman lè nou te fèk aprann verite a. Nou te nan gwo batay, te gen anpil soufrans, men nou te kenbe fèm. Pafwa yo te konn di nou move bagay epi yo te konn trete nou mal devan tout moun. Gen lòt fwa se nou menm menm ki t ap ede moun yo te konn bay kalite tretman konsa. Wi, nou te ede moun ki nan prizon, nou te pataje soufrans yo. Nou te menm aksepte pou yo sezi byen nou ak kè kontan paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi gran, yon richès k ap dire tout tan. Konsa, kenbe menm kouray nou te genyen nan tan pase yo. Nou p ap pèdi sa, Bondye ap rekonpanse nou san mezire. Nou bezwen pasyans pou n fè sa Bondye vle nou fè, epi pou n jwenn sa l pwomèt nou. Se li menm ki di: “Talè konsa, sila ki gen pou vini an pral vini, epi li p ap anreta. Moun Bondye aksepte a, ap viv pa lafwa. Men mwen p ap pran plezi nan okenn moun k ap rale kò l dèyè poutèt lapèrèz.” Men nou menm, nou pa pami moun k ap rale kò yo dèyè epi ki pèdi. Nou fè pati moun ki gen lafwa epi ki sove.
Li Ebre 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ebre 10:24-39
5 Days
For many, the holidays are a time of great joy...but what happens when the holidays lose their sparkle and become challenging due to deep grief or loss? This special reading plan will help those going through grief to find comfort and hope for the holidays, and shares how to create a meaningful holiday season in spite of deep grief.
5 Jou
Gid lekti biblik sa a se yon bon zouti pou nou menm ki apèn asepte Kris. Dokiman sa a va ede nou konprann kijan pou nou grandi nan lafwa nan Kris la. Pou chak jou yo w ap jwenn pasaj biblik ki akòde ak istwa yo pou ede w byen konprann epi aplike yo nan lavi w.
6 Days
Change isn’t easy, but it isn’t impossible, either. Starting a few small good habits can change how you see yourself today and transform you into the person you want to be tomorrow. This Life.Church Bible Plan moves through Scripture with a simple acronym for making good daily habits that actually stick.
7 jou
Yon vi nan kè kontan ki gen sans baze sou relasyon, lanmou ak lafwa. Si w’ap chèche plis klasifikasyon sou plan Bondye pou lavi ou, angaje plan sa pou ede konsantre sou pouswit ak dekouvèt ou. Tire nan liv, “Out of This World: A Christian’s Guide to Growth and Purpose (Deyò mond sa; Yon gid Kretyen pou kwasans ak objektif)” David J. Swandt ekri.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo