Zanmi m yo, poutèt nou genyen pwomès sa yo Bondye fè nou, se pou nou netwaye tout sa ki sal kò nou oswa kè nou. Se pou nou fè sa n kapab pou nou vin pi sen chak jou poutèt krentif nou gen pou Bondye. Tanpri, ouvri kè w ba nou. Nou pa fè okenn moun enjistis, ni nou pa chache kòwonpi okenn moun. Nou pa chache pran avantaj sou okenn moun. Mwen pa vle nou pran sa m di tankou se yon blam. Mwen di nou sa deja: mwen renmen nou tèlman, mwen prèt pou m mouri pou nou oubyen pou viv pou nou. Mwen santi m kapab fè n gen anpil konfyans. Mwen fyè de nou. Malgre tout pwoblèm mwen rankontre avèk nou, mwen santi m kontan anpil epi mwen jwenn anpil ankourajman. Lè nou te rive Masedwàn, nou te san repo. Pwoblèm te sènen nou toupatou. Sou deyò nou te fè fas ak gwo batay. Anndan, te gen anpil krentif nan kè nou. Men Bondye ki konn ankouraje moun ki nan lafliksyon te ankouraje nou lè Tit te rive bò kote nou. Non sèlman rive Tit la te yon ankourajman, men nouvèl li te ba nou te ankouraje nou pi plis toujou. Li fè nou konnen kijan ou te sèvi ankourajman pou li. Li di nou jan ou ta renmen wè nou. Li di nou jan ou regrèt sa k te pase a. Li pale sou ki valè sousi ou gen pou mwen. Sa te vin fè m pi kontan toujou.
Li 2 Kor 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Kor 7:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo