Apre sa, Senyè a fè m wè Jozye, granprèt la, ki te kanpe devan zanj Senyè a. Satan menm te kanpe sou bò dwat Jozye pou l te ka akize l. Zanj Senyè a di Satan konsa: — Se pou Senyè a regle ou, Satan. Wi, se pou Senyè a ki renmen lavil Jerizalèm lan regle ou! Nonm sa a tankou yon bout bwa tou limen yo kouri wete nan dife pou l pa fin boule nèt. Jozye te kanpe la devan zanj Senyè a, ak rad li tou sal. Zanj lan pran lapawòl ankò, li pale ak lòt zanj ki te la tou devan li. Li di yo: — Wete rad sal ki sou li a. Epi li di Jozye konsa: — Ou wè. Mwen wete tout peche ou yo. M'ap ba ou bèl rad pwòp pou ou mete sou ou.
Li Zakari 3
Koute Zakari 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Zakari 3:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo