Kantik 7:1-13

Kantik 7:1-13 HAT98

Ala bèl pye ou bèl nan sapat ou yo, negès mwen! Ren ou tankou si li te dekore ak bon lò. Ou ta di travay yon bòs ki gen anpil ladrès ak gou! Lonbrit ou tankou yon bòl won ki pa janm manke diven melanje ak fèy santi bon. Anba vant ou menm tankou yon bèl jaden ble ak bèl ti flè sou tout arebò li. Tete ou doubout tankou de ti gazèl, De ti gazèl marasa menm fòs. Kou ou tankou yon fò won fèt ak wòch mab. Je ou tankou basen dlo nan lavil Esbon, bò pòtay gwo lavil la. Nen ou kanpe kou gwo fò peyi Liban k'ap veye sou lavil Damas. Ou kenbe tèt ou drèt sou kò ou, tankou mòn Kamèl. Cheve ou yo ap flote tankou bèl twal swa wouj grena. Nenpòt wa ta ka pèdi nan bouklèt cheve ou yo! Ala bèl ou bèl, mennaj mwen! Ala dous ou dous, bèl negès mwen! Lè ou kanpe, ou ta di yon bèl pye palmis. De tete ou, ou ta di de grèy grenn palmis. Mwen fè lide moute sou pye palmis la pou m keyi grap yo. Pou mwen, tete ou yo tankou de grap rezen. Bouch ou gen sant ponm kajou! Anndan bouch ou, gen gou yon bon diven. Kite diven an koule pou mennaj mwen, Kite l koule nan bouch nou antan n'ap dòmi. Se pou mennaj mwen mwen ye! Se mwen menm li anvi. Vini non, mennaj mwen! Ann al andeyò. N'a pase nwit lan nan jaden yo. Nan maten, n'a va ale gade pye rezen yo Nou v'al wè si yo tanmen boujonnen, Si flè yo ap fleri, si grenad yo ap fleri. Se la nou va ale fè kont flè nou. Ou ka pran sant ponmdamou yo. Devan papòt nou an gen tout kalite fwi, Fwi ki fèk keyi ak fwi ki fèrenk mi. Cheri mwen, se pou ou mwen sere yo.