Men pi bèl chante nan tout chante Salomon yo. Se pou li bo mwen byen bo! Wi, karès ou dous, yo pi dous pase siwomyèl. Yo anvayi m' pi byen pase lodè losyon sou ou. Kote ou pase, ou se sant yon bon pafen k'ap rale moun. Mwen pa sezi pou jan jenn fi yo damou pou ou! Pran m' avè ou non! Ann kouri ale! Wa a pran mwen nan chanm li: Nou kontan kont kontan nou, Nou kontan nou ansanm. An nou chante karès ou, yo pi dous pase siwomyèl. Jenn fi yo gen rezon renmen ou konsa! Medam lavil Jerizalèm, Po m boule, men m bèl! Po m menm koulè ak tant nan dezè a. Men, li bèl tankou rido nan palè Salomon an. Pa gade sou koulè po m! Se solèy la ki boule m konsa. Frè m yo te move sou mwen. Yo fè m travay nan jaden rezen lòt moun. M pat gentan pou m okipe jaden rezen pa m. Manyè di mwen non, ou menm mwen renmen anpil la, ki bò ou pral mennen mouton ou yo manje? Kibò yo pral pare solèy midi? Konsa mwen p'ap bezwen ap chache ou kou moun fou nan mitan gadò tokay ou yo. Bèl fanm pase ou, nanpwen! Ki jan ou fè pa konn kote sa a? Ale non. Swiv mouton yo. W'a jwenn manje bò la pou kabrit ou yo, toupre tant gadò yo. Ou menm mwen renmen anpil la, w'ap boulvèse mesye yo, menm jan yon jiman ap boulvèse poulen chwal cha lagè farawon yo. Ala bèl ou bèl jan ou penyen an ak pèl nan très ou yo! Ala bèl ou bèl ak bèl kolye nan kou ou! Men, n'ap fè yon chenn lò pou ou ak ti moso ajan kole ladan l.
Li Kantik 1
Koute Kantik 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Kantik 1:1-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo