Chirasid 45
45
Moyiz
1Nan fanmi Jakòb la, Bondye fè sòti yon nonm debyen,
yon nonm tout moun te respekte,
yon nonm ni Bondye ni moun te renmen anpil. Li rele Moyiz.
Chonje yo chonje l ase se yon benediksyon.
2Bondye ba li yon pouvwa parèy ak pouvwa zanj yo.
Li sitèlman ba l pouvwa, tout lènmi l yo te pè l.
3Bondye fè Moyiz annik pale, epi gwo malè yo sispann.
Bondye fè wa a respekte l.
Li ba li kòmandman l yo pou pèp li a. #45.3 Li ba li kòmandman l yo pou pèp li a: osinon: Li ba li lòd al jwenn pèp li a.
Li fè l wè ti kal nan bèl limyè prezans li a.
4Paske Moyiz te toujou kenbe pawòl li, paske li te toujou soumèt devan Bondye,
Bondye mete l apa pou sèvis li, li chwazi l nan mitan tout moun sou latè.
5Li fè l tande vwa li.
Li fè l antre nan gwo nyaj nwa a.
Yo wè fasafas, li ba li kòmandman yo,
lalwa ki bay lavi ak konesans lan,
pou l te ka moutre fanmi Jakòb la regleman kontra a,
pou l te ka bay pèp Izrayèl la lòd Bondye pou yo swiv yo.
Arawon
6Bondye fè sòti Arawon, yon nonm k'ap viv apa pou li tankou Moyiz,
yon frè Moyiz, nan menm branch fanmi Levi a.
7Li pase yon kontra avè l k'ap la pou tout tan.
Li ba li pouvwa pou li sèvi prèt pou pèp Bondye a.
Li ba li bèl òneman pou fè kè l kontan,
li ba li bèl rad seremoni pou li mete sou li.
8Li ba li bèl rad mete sou li
ak anpil òneman koute chè koud sou li.
Li ba li pote ensiy grad li:
kalson, rad long ak efòd la.
9Li fè mete pòtre grenad, ak ti klòch an lò an kantite fè wonn woulèt rad la.
Ti klòch yo menm t'ap sonnen chak pa li fè.
Ou te ka tande yo nan tout Tanp lan
pou Granmèt la te ka chonje pèp li a.
10Granmèt la te bay Arawon rad seremoni an ak bèl bodri fèt an lò, an twal ble ak an twal wouj sou li,
travay yon bon bòs tayè,
ansanm ak jile jijman an epi ourim yo ak tourim yo. #45.10 ourim yo ak tourim yo: Wè Egzòd 28.1-43.
Jile a te fèt ak twal wouj tise byen sere, travay yon bon bòs atizan.
11Li ba li pyè koute chè yo avèk non grave sou yo.
Chak pyè te moute sou yon mòso lò, travay yon bon bòs òfèv.
Se non douz branch fanmi pèp Izrayèl yo ki te grave sou yo
pou Granmèt la te ka toujou chonje yo.
12Li mete yon kouwòn lò anwo gwo mouchwa tèt la.
Kouwòn lan te make: Apa pou Granmèt la!
Se te plezi pou moun te wè tout bèl bagay sa yo.
13Yo pa te janm wè bagay konsa anvan Arawon.
Moun ki pa nan fanmi Arawon an pa gendwa mete yo sou yo.
Se pou pitit li yo ak pou pitit pitit li yo ase pou tout tan.
14Ofrann grenn yo te fèt de fwa chak jou san rete,
lèfini se pou yo te boule yo nèt nan dife.
15Se Moyiz ki te fè sèvis pou mete Arawon apa pou sèvi Granmèt la.
Li vide lwil Bondye a sou tèt li.
Se konsa Bondye pase yon kontra k'ap la pou tout tan avèk Arawon,
ansanm ak rès fanmi li,
yon kontra k'ap la pou tout tan syèl la va la,
pou l ka dirije sèvis yo, pou l fè travay prèt yo,
lèfini pou l beni pèp la nan non Granmèt la.
16Granmèt la te chwazi Arawon nan mitan tout moun sou latè
pou touye bèt yo ofri ba li,
pou ofri lansan an k'ap fè Granmèt la chonje pèp li a ak bon sant li an,
pou l ka padonnen peche pèp li a.
17Se nan men Arawon li renmèt kòmandman l yo.
Li ba li otorite pou l fè respekte regleman lalwa a,
pou l fè pèp Izrayèl la konprann lalwa a.
18Se konsa moun lòt fanmi yo leve dèyè l nan dezè a, yo anvye sò li.
Se te moun Datan yo, moun Abiram yo ak bann moun Kore yo
ki te move sou li sitèlman yo pa te vle wè l.
19Granmèt la wè sa. Sa pa te fè l plezi.
Li fè yon sèl kòlè, li disparèt moun sa yo.
Li fè gwo mèvèy dèyè yo,
li boule yo nan flanm dife li a.
20Li mete sou pouvwa Arawon an ankò.
Li ba li pòsyon eritay pa li,
li ba li ofrann tout premye donn yo.
Men anvan sa, li te ba li pen yo ofri pou li yo pou li ka gen kont pen pou prèt yo manje vant plen.
21Manje yo se bèt yo ofri pou touye pou Granmèt la.
Se Granmèt la ki bay yo pou Arawon ansanm ak tout rès fanmi li.
22Men, nan peyi a menm, pa te gen tè pou branch fanmi Levi a,
pa te gen pòsyon nan tè a ki rele yo pa yo,
paske se Granmèt la menm ki pòsyon eritay yo.
Fineas
23Fineas menm, pitit Eleaza a, se li menm ki vin nan twazyèm pozisyon
pou jan li te sòti pou defann kòz Granmèt la avèk krentif li te gen pou li.
Avèk kouray yon vanyan gason, li kanpe fèm devan pèp la ki te revòlte.
Se konsa, li jwenn padon nan men Bondye pou pèp Izrayèl la.
24Se poutèt sa Bondye pase yon kontra avè l pou li ka viv ak kè poze.
Li mete l chèf kote ki apa nèt pou li a, chèf sou pèp la.
Konsa, se li menm ak pitit li yo apre li ki va granprèt pou tout tan.
25Bondye te pase yon kontra ak David,
pitit gason Jese a, nan branch fanmi Jida a,
pou nan pozisyon wa a se toujou yon sèl nan pitit yo ki pou pran plas papa a.
Men, pou kontra li pase ak Arawon an,
se tout fanmi l yo nèt ki pou te prèt apre li. #45.25 Tèks ebre a bay yon ti diplis nan finisman vèsè 25 lan, yon diplis nou pa jwenn nan tèks grèk la, epi ki pati konsa: Kounyeya, fè lwanj pou Granmèt la ki bon, li menm ki mete bèl pouvwa li sou tèt nou tankou yon kouwòn.
26Se pou Granmèt la mete bon konprann nan tèt nou,
pou nou ka jije pèp li a san patipri.
Konsa, otorite Bondye te bay zansèt nou yo p'ap janm disparèt,
pouvwa yo va rete pou pitit yo apre yo.
Chwazi Kounye ya:
Chirasid 45: HAT98
Pati Souliye
Pataje
Kopye

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.

: