Chirasid 44

44
Lwanj pou moun tan lontan yo
1Annou fè lwanj moun ki te sèvi Bondye yo,
tout zansèt nou yo nan tan lontan, depi sou pi ansyen an.
2Granmèt la te fè bèl bagay pou yo, li te ba yo anpil pouvwa.
Li fè wè nan lavi yo jan li gen gwo pouvwa depi tan lontan.
3Gen ladan yo ki te gouvènen tankou wa nan peyi a.
Gen lòt, se pou fòs kouray yo yo te konnen yo.
Gen lòt ankò ki te konn bay bon konsèy.
Gen lòt menm ki te konn bay mesay Bondye yo.
4Te gen ki te gwo chèf leta pou gouvènen pèp la,
chèf ki te bay bon lòd,
nèg save ki te bay pawòl bon konprann,
ak sa ki te konn bay pwovèb byen chita.
5Genyen ki te konn fè bèl mizik,
ki te konn rakonte bèl istwa nan pwezi.
6Genyen ki te rich, ki te gen anpil pouvwa,
men ki t'ap viv ak kè poze anndan lakay yo.
7Tout moun sa yo te resevwa lwanj nan men moun menm jenerasyon ak yo.
Anvan menm yo mouri, moun t'ap nonmen non yo an byen.
8Gen non kèk ladan yo moun pa janm bliye.
Jouk jounen jòdi a y'ap fè lwanj pou yo toujou.
9Gen ladan yo moun gentan bliye.
Se tankou si yo pa te janm egziste.
Yo mouri, moun pa chonje yo ankò,
ni yo menm, ni pitit yo.
10Men non moun debyen
ki te fè bèl bagay dwat moun pa janm bliye yo.
11Yo kite yon non pou pitit yo.
Sa, se tout byen eritay yo kite pou fanmi yo.
12Pitit yo ap toujou kenbe kontra a.
Pitit pitit yo ap toujou fè sa poutèt zansèt yo.
13Fanmi yo p'ap janm disparèt,
yo p'ap janm pèdi repitasyon yo.
14Yo te mete kadav kò yo poze anba tè,
men, repitasyon yo la pou lontan.
15Moun lòt nasyon va rakonte jan yo te gen bon konprann.
Chak lè pèp Bondye a va reyini y'a fè lwanj pou yo.
Enòk
16Enòk te fè Granmèt la plezi. Bondye pran l avè l nan syèl la.
Se yon bèl egzanp pou ankouraje moun k'ap vin apre yo pou yo tounen vin jwenn Bondye.
Noe
17Avèk Noe menm, Bondye te jwenn yon nonm ki t'ap mache dwat nèt ale.
Lè Bondye t'ap fè kòlè a, Noe te tounen yon boujon kreyòl pou ras moun.
Lè gwo inondasyon an, gremesi Noe, te rete yon ti rès moun sou latè pou nan apre.
18Bondye pase avè l kontra ki la pou tout tan yo,
kontra pou li pa janm voye inondasyon ankò pou detwi lavi.
Abraram
19Abraram te gran zansèt anpil nasyon.
Pa gen moun ki gen pi bon repitasyon pase l.
20Li fè tou sa ki nan lalwa Bondye ki anwo nan syèl la.
Li pase yon kontra avè l,
li pote mak kontra a nan kò li.
Lè Bondye sonde l, li kenbe konfyans li fèm.
21Se poutèt sa Bondye sèmante, li pwomèt li
l'ap fè pitit pitit li yo tounen yon benediksyon pou tout nasyon sou latè.
L'ap fè pitit pitit li yo peple pou yo ka tankou grenn pousyè sou latè.
Y'ap leve yo byen wo tankou zetwal nan syèl la.
L'ap ba yo yon peyi k'ap rele yo pa yo,
yon peyi k'ap pran sòti nan yon lanmè rive nan yon lòt lanmè, #44.21 sòti nan yon lanmè rive nan yon lòt lanmè: osinon: sòti nan lanmè Mouri a rive nan lanmè Mediterane a.
sòti depi bò larivyè Lefrat la rive nan dènye bout latè.
Izarak ak Jakòb
22Bondye pase menm kontra a avèk Izarak, poutèt Abraram, papa li.
Li pwomèt yon dezyèm fwa l'ap beni tout moun sou latè.
Li fè menm pwomès la bay Jakòb, dapre kontra a.
23Li bay Jakòb lasirans l'ap beni li.
Li ba li peyi a pou rele l pa l.
Li separe l fè l fè douz pòsyon,
li bay chak branch fanmi yonn.

Chwazi Kounye ya:

Chirasid 44: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte