Chirasid 43
43
Solèy la
1Ala bèl syèl la bèl anwo tèt nou!
Sa fè plezi pou wè tout bèl bagay ki ladan l yo!
2Lè solèy la ap leve, parèt li parèt li di:
Gade bèl bagay Bondye ki anwo nan syèl la fè non!
3Lè li midi, l'ap cheche tè a.
Pa gen moun ki ka sipòte gwo chalè li a.
4Yo vante dife nan fòj la pou li sa bay gwo chalè.
Men, solèy la twa fwa pi cho sou mòn yo. #43.4 Osinon: Lè solèy la ap kouche, li mete dife sou tèt mòn yo, tankou gwo chalè dife ki nan fou kote y'ap fonn metal.
Li fè leve yon bann vapè dlo.
Limyè solèy la klere, li fè ou pa wè nan je ou.
5Granmèt ki fè l la gen anpil pouvwa.
Li pale, li bay direksyon chemen pou solèy la kouri ak vitès.
Lalin
6Lalin lan tou pa janm manke sou dat li.
Li make mwa yo, li fè konnen sezon yo.
7Se lalin lan ki bay dat jou fèt yo.
Lè li fin plen nèt, li pran dekou.
8Se nan non li non mwa yo sòti.
Se bèl bagay pou wè jan l'ap gwosi pandan l'ap fè wonn latè a:
se tankou yon limyè siyal pou lame syèl la,
li klere byen klere nan vout syèl la.
Zetwal yo
9Bèl zetwal klere yo fè tout bèlte syèl la.
Se bèl òneman klere nan syèl byen wo Granmèt la.
10Granmèt la pale, yo ranje kò yo nan plas li ba yo.
Yo pa janm fè mank nan travay veye y'ap fè chak lannuit lan.
Lakansyèl
11Gade lakansyèl la, epi fè lwanj pou moun ki fè l la.
Ala bèl li bèl ak tout koulè li yo!
12Li fè yon bèl sèk nan syèl la.
Se Bondye anwo nan syèl la ki benn li konsa ak men l.
Bèl bagay sou latè
13Bondye pale, li fè lanèj tonbe.
Li voye zèklè loray pou pini moun dapre jijman li rann yo.
14Se konsa li louvri rezèvwa dlo yo,
nyaj yo kouri nan syèl la tankou zwazo.
15Avèk pouvwa li, li ranmase nyaj yo fè pil glas.
Li kraze yo fè lagrèl.
16Lè loray Bondye a gwonde, latè ap kòde nan gwo soufrans.
Bondye annik parèt, mòn yo pran tranble.
17Lè li vle, van sid pran soufle,
van tanpèt sòti nan nò, siklòn leve.
18Tankou zwazo k'ap desann poze atè, li fè lanèj tonbe.
Lanèj la kouvri toupatou tankou bann krikèt.
Je moun rete gran louvri ak sezisman pou wè bèl koulè blanch li a.
Moun rete gaga ap gade l tonbe.
19Bondye vide yon ti lapli lanèj fen fen tankou sèl sou latè.
Fredi a fè l tounen glas, an fòm gwo zegui pwenti.
20Van frèt la sòti nan nò, l'ap soufle desann.
Li fè yon kouch glas anwo tout dlo yo.
Glas la fèt anwo tout dlo k'ap dòmi nan letan ak nan ma yo.
Li kouvri yo tankou yon pwotèj.
21Chalè Bondye boule mòn yo, li leve yon gwo chalè nan dezè yo.
Li boule tout ti plant yo tankou dife.
22Men, yon ti nyaj lapli ap bay soulajman,
lawouze ap bay lavi ankò apre gwo chalè a fin pase.
23Dapre plan travay li, li donte lanmè a,
li plante yon bann zile ladan l.
24Moun k'ap vwayaje sou lanmè yo ap rakonte danje ki gen nan lanmè.
Tou sa n'ap tande nan zòrèy nou yo se bagay pou fè moun sezi.
25Se yon bann istwa dwòl ak anpil mèvèy k'ap fèt ladan l y'ap rakonte,
sou tout kalite bèt ak gwo bèt lèd nan lanmè.
26Di Bondye mèsi, tout bagay toujou fini byen.
Tout bagay ranje nan lòd dapre sa li di.
27 Nou ta ka di anpil bagay toujou, nou pa t'ap janm fini ak koze a.
Tou sa nou ka di: Se Bondye ki tout la.
28Kote nou ka jwenn fòs pou fè lwanj pou li?
Li pi grannèg pase tou sa li fè.
29Granmèt la gen pouvwa pase tout. Tout moun pè li.
Pouvwa li se mèvèy.
30Fè lwanj Granmèt la. Di jan li gen pouvwa mezi nou kapab.
L'ap toujou pi gran pase jan nou di l la.
Mete tout fòs nou pou di jan li gen pouvwa.
Pa janm bouke fè sa, paske nou p'ap janm rive fè kont lwanj pou li.
31Kimoun ki janm wè l pou yo ta di jan li ye?
Kimoun ki ka fè lwanj li jan li merite l la?
32Gen pi gwo mistè pase sa toujou nou poko konnen.
Sa nou wè a se yon ti pòsyon tou piti nan sa li fè yo.
33Se Granmèt la ki fè dènye bagay nèt ale.
Se li ki bay moun k'ap sèvi l yo bon konprann.
Bèl pouvwa Bondye nan istwa moun
Chwazi Kounye ya:
Chirasid 43: HAT98
Pati Souliye
Pataje
Kopye

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.