Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l renmen nou lè li ban nou Sentespri li. Se konsa, lè nou pat kapab fè anyen pou tèt pa nou, Kris la mouri pou tout moun ki meprize Bondye, nan tan Bondye te fikse pou sa te rive a. Se pa fasil pou ou jwenn yon moun asepte mouri pou yon nonm ki gen rezon. Ou ta ka jwenn yonn konsa ki ta gen kouray mouri pou yon nonm debyen. Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil. Paske nou te nan peche toujou lè Kris la mouri pou nou. Se paske li bay san li pou nou kifè kounyeya Bondye fè nou gras. Nou pa bezwen mande si Kris la p'ap delivre nou tou anba kòlè Bondye. Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l te fè nou byen ak Bondye ankò. Kounyeya nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou. Epi se pa sa sèlman. Nou jwenn tout plezi nou nan Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an, ki fè nou byen ak Bondye ankò depi kounyeya.
Li Women 5
Koute Women 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Women 5:5-11
4 Jou
Devosyon sa yo ap esplike kisa sanktifikasyon an ye, li ap montre enpòtans li ak jan li se yon aspè esansyèl nan lafwa kretyen. Atravè etid kèk vèsè kle, nou pral konprann ke sanktifikasyon se pa yon opsyon, men yon etap ki nesesè nan lavi espirityèl nou, enpòtans pou viv yon lavi ki onore Bondye.
12 Days
Everyone wants to know what true love is. But few people look at what the Bible says about love. Love is one of the central themes of Scripture and the most essential virtue of the Christian life. This plan from Thistlebend Ministries explores the biblical meaning of love and how to love God better and love others.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo