Women 3:9-31

Women 3:9-31 HAT98

Men, sa sa ye menm? Nou menm jwif, eske nou pi bon pase moun lòt nasyon yo? Non, se pa vre menm. Mwen deja moutre nou sa: tout moun, ou te mèt jwif, ou te mèt pa jwif, tout moun anba pouvwa peche a. Jan sa ekri nan Liv la: Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye. Non, pa menm yon grenn. Yo yonn pa gen konprann. Yo yonn p'ap chache Bondye. Yo tout lage kò yo nan bwa, yo tout pèdi chemen yo. Nanpwen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen. Non, pa menm yon sèl. Bouch yo ou ta di yon kavo ki louvri. Se twonpe y'ap twonpe moun ase ak lang yo. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik. Bouch yo plen madichon ak jouman. Ti krik ti krak, se fè san koule. Kote yo pase se dega, se malè yo kite dèyè. Yo pa konn ki jan pou yo viv byen ak moun. Yo mete nan tèt yo pa gen rezon pou gen krentif Bondye. Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou sòti nan bouch pèsonn: tout moun antò devan Bondye. Se pa paske yon moun fè sa lalwa a mande kifè li inonsan devan Bondye. Poukisa? Paske lalwa annik fè nou konnen sa nou fè a pa bon. Men kounyeya, Bondye fè nou wè ki jan li fè moun gras. Lalwa pa gen anyen pou wè nan sa. Se sa liv lalwa a ansanm ak liv pwofèt yo di nou tou. Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè l pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm. Tout moun peche, Bondye ki gen pouvwa a bay yo tout do. Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo. Se li menm, Jezikri, Bondye te destine pou sakrifye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka jwenn padon peche yo. Bondye te vle moutre nou kijan li fè nou gras. Nan tan lontan, Bondye te pran pasyans. Li pa te pini peche moun fè. Men kounyeya, li moutre nou ki jan l'ap fè moun gras, paske li fè nou wè se li menm ki gen rezon, anmenmtan l'ap fè tout moun ki kwè nan Jezi yo gras. Bon, nan kondisyon sa a, ki rezon moun genyen pou y'ap fè grandizè? Pa gen pyès rezon. Poukisa? Eske se paske yo fè sa lalwa mande? Non. Se paske yo fè Bondye konfyans. Nou kenbe sa nou di a: se paske yon moun gen konfyans nan Bondye kifè Bondye fè l gras, se pa paske li fè sa lalwa mande. Eske Bondye se Bondye jwif yo sèlman? Eske li pa Bondye moun lòt nasyon yo tou? Men wi, li se Bondye moun lòt nasyon yo tou. Paske se yon sèl Bondye a ki genyen. L'ap fè moun ki sikonsi yo gras paske yo gen konfyans nan li. Konsa tou, l'ap fè moun ki pa sikonsi yo gras paske yo menm tou yo gen konfyans nan li. Bon, jan nou pale la a, eske konfyans nan Bondye fè lalwa pèdi valè li? Non, se lekontrè. Se lè sa a atò nou mete lalwa a nan vrè plas li.