Women 3:9-31
Women 3:9-31 1998 Haïtienne (HAT98)
Men, sa sa ye menm? Nou menm jwif, eske nou pi bon pase moun lòt nasyon yo? Non, se pa vre menm. Mwen deja moutre nou sa: tout moun, ou te mèt jwif, ou te mèt pa jwif, tout moun anba pouvwa peche a. Jan sa ekri nan Liv la: Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye. Non, pa menm yon grenn. Yo yonn pa gen konprann. Yo yonn p'ap chache Bondye. Yo tout lage kò yo nan bwa, yo tout pèdi chemen yo. Nanpwen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen. Non, pa menm yon sèl. Bouch yo ou ta di yon kavo ki louvri. Se twonpe y'ap twonpe moun ase ak lang yo. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik. Bouch yo plen madichon ak jouman. Ti krik ti krak, se fè san koule. Kote yo pase se dega, se malè yo kite dèyè. Yo pa konn ki jan pou yo viv byen ak moun. Yo mete nan tèt yo pa gen rezon pou gen krentif Bondye. Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou sòti nan bouch pèsonn: tout moun antò devan Bondye. Se pa paske yon moun fè sa lalwa a mande kifè li inonsan devan Bondye. Poukisa? Paske lalwa annik fè nou konnen sa nou fè a pa bon. Men kounyeya, Bondye fè nou wè ki jan li fè moun gras. Lalwa pa gen anyen pou wè nan sa. Se sa liv lalwa a ansanm ak liv pwofèt yo di nou tou. Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè l pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm. Tout moun peche, Bondye ki gen pouvwa a bay yo tout do. Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo. Se li menm, Jezikri, Bondye te destine pou sakrifye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka jwenn padon peche yo. Bondye te vle moutre nou kijan li fè nou gras. Nan tan lontan, Bondye te pran pasyans. Li pa te pini peche moun fè. Men kounyeya, li moutre nou ki jan l'ap fè moun gras, paske li fè nou wè se li menm ki gen rezon, anmenmtan l'ap fè tout moun ki kwè nan Jezi yo gras. Bon, nan kondisyon sa a, ki rezon moun genyen pou y'ap fè grandizè? Pa gen pyès rezon. Poukisa? Eske se paske yo fè sa lalwa mande? Non. Se paske yo fè Bondye konfyans. Nou kenbe sa nou di a: se paske yon moun gen konfyans nan Bondye kifè Bondye fè l gras, se pa paske li fè sa lalwa mande. Eske Bondye se Bondye jwif yo sèlman? Eske li pa Bondye moun lòt nasyon yo tou? Men wi, li se Bondye moun lòt nasyon yo tou. Paske se yon sèl Bondye a ki genyen. L'ap fè moun ki sikonsi yo gras paske yo gen konfyans nan li. Konsa tou, l'ap fè moun ki pa sikonsi yo gras paske yo menm tou yo gen konfyans nan li. Bon, jan nou pale la a, eske konfyans nan Bondye fè lalwa pèdi valè li? Non, se lekontrè. Se lè sa a atò nou mete lalwa a nan vrè plas li.
Women 3:9-31 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Mais quoi ? Est-ce que nous, les Juifs, nous sommes au-dessus des autres ? Pas du tout ! J’ai déjà montré une chose : les Juifs et ceux qui ne sont pas juifs sont tous sous le pouvoir du péché. Dans les Livres Saints, on lit : « Aucun être humain n’est juste, même pas un seul ! Personne n’est intelligent, personne ne cherche Dieu ! Tous ont quitté le bon chemin, ils sont tous corrompus. Personne ne fait le bien, même pas un seul ! Leur gorge est comme une tombe ouverte. Avec leur langue, ils trompent les autres. Sous leurs lèvres, c’est le poison de la vipère. Leur bouche est pleine de malédictions et de paroles blessantes. Avec leurs pieds, ils courent rapidement pour aller tuer. Ils détruisent tout sur leur passage et ils sèment le malheur. Le chemin de la paix, ils ne le connaissent pas. Ils n’ont aucun respect pour Dieu. » Pourtant, nous le savons, tout ce que la loi dit, elle le dit pour ceux qui doivent obéir à la loi. Alors personne ne peut donner d’excuse, et le monde entier est reconnu coupable devant Dieu. C’est pourquoi, aux yeux de Dieu, personne ne sera juste en faisant ce que la loi demande. En effet, la loi permet seulement aux gens de savoir qu’ils ont péché. Mais maintenant, Dieu a montré de quelle façon il nous rend justes sans la loi. La loi de Moïse elle-même et les prophètes prouvent cela. Dieu rend justes les êtres humains par leur foi en Jésus-Christ. Il le fait pour tous ceux qui croient au Christ, parce qu’il n’y a pas de différence entre eux : tous ont péché et tous sont privés de la gloire de Dieu. Mais dans sa bonté, Dieu les rend justes gratuitement par Jésus-Christ, qui les libère du péché. Dieu l’a offert en sacrifice. Alors par sa mort, le Christ obtient le pardon des péchés pour ceux qui croient en lui. Ainsi Dieu a voulu montrer qu’il est toujours juste : il l’était autrefois, quand il a été patient et n’a pas puni les péchés des êtres humains. Mais il est juste aujourd’hui, puisqu’il veut à la fois être juste et rendre justes ceux qui croient en Jésus. Alors, est-ce qu’il y a encore des raisons de se vanter ? Non, pas du tout ! Pourquoi donc ? Parce que, ce qui compte, ce n’est pas d’obéir à la loi, c’est de croire. Oui, nous pensons ceci : les êtres humains sont rendus justes parce qu’ils croient, et non parce qu’ils font ce que la loi demande. Ou alors, est-ce que Dieu est seulement le Dieu des Juifs ? Est-ce qu’il n’est pas aussi le Dieu des autres ? Si, bien sûr, il est aussi le Dieu des autres peuples, parce qu’il n’y a qu’un seul Dieu. C’est lui qui va rendre justes les Juifs à cause de leur foi, c’est lui aussi qui va rendre justes les autres peuples à cause de leur foi. Donc, quand nous croyons, est-ce que nous rendons la loi inutile ? Sûrement pas ! Au contraire, nous donnons à la loi toute sa valeur.
Women 3:9-31 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Alò, èske nou menm Jwif, nou ta pi mal pase lòt moun yo? Non, nou te di deja, sa yo ki Jwif, menm jan ak sa yo ki pa Jwif, yo tout anba pouvwa peche. Jan Pawòl Bondye di sa a: “Pa gen yon moun ki fè sa ki dwat, pa menm yon sèl. Pa gen yon moun ki konprann, pa gen yon moun ki vle swiv Bondye. Yo tout vire do kite l, yo tout pran move chemen. Pa gen youn ki fè sa ki byen pa menm yon sèl.” “Bouch yo se yon kavo tou louvri. Yo sèvi ak lang yo pou bay manti pou twonpe moun.” “Lang yo se menm jan ak yon pwazon ki soti nan sèpan.” “Bouch yo plen ak malediksyon mele ak pawòl di.” “Yo toujou prèt pou touye moun. Tout kote yo pase, yo simen la twoublay ak destriksyon. Yo pa konnen kijan pou yo viv nan lapè.” “Yo pa gen okenn krent ni respè pou Bondye.” Nou konnen sa Lalwa di se pou moun ki anba Lalwa. Sa fè pèsòn pa gen eskiz, lemonn antye anba jijman Bondye. Poukisa? Se paske pratike sa Lalwa di pa fè okenn moun vin jis devan Bondye. Okontrè, Lalwa montre nou peche nou sèlman. Men kounye a, Bondye montre nou kijan li fidèl epi li jis. Se vre, lè Lalwa Moyiz la, ansanm ak pwofèt yo, yo te di sa gen pou rive, men fason li aji pa gen anyen pou wè ak Lalwa. Fidelite Jezikris fè nou konnen kijan Bondye bon epi fidèl. Sa a se pou tout moun ki mete konfyans yo nan li. M di tout moun, paske pou Bondye, tout moun se menm, li pa fè okenn diferans. Wi, tout moun fè peche, yo pa merite pataje laglwa prezans Bondye. Men Bondye deside fè nou tout gras nan delivre nou anba peche, pa mwayen Jezikris. Bondye ofri Jezi kòm yon mwayen pou l padone peche moun. Li te rive fè sa paske Jezi te rete fidèl jiska lafen. San l te koule epi li mouri sou kwa a pou chak moun. Sa montre kijan Bondye bon epi fidèl nan reyalize pwomès li te fè. Li te fidèl nan tan pase yo, li pa t pini moun poutèt peche yo. Li montre sa, nan tan pa nou an tou, kijan li fidèl nan kenbe pwomès li. Lè l bay Jezi kòm ofrann, se montre l montre kijan li jis epi kijan li aksepte moun ki patisipe nan fidelite Jezi a tankou moun ki jis. Konsa, pou noumenm Jwif, kisa ki rete pou fè fyète nou? Anyen. Bondye fèmen pòt tout fyète pou Jwif yo. Ki lwa ki di sa? Lalwa ki egzije zèv yo? Non, se lalwa ki mande pou n gen lafwa a. Mwen vle di, nou vin moun Bondye aksepte pa mwayen lafwa nou, men se pa poutèt sa nou fè nan swiv lalwa. Se sa nou kwè. Oubyen, èske Bondye se Bondye Jwif yo sèlman? Èske n panse Bondye pa Bondye pèp ki pa Jwif yo tou? Wi, li se Bondye pèp ki pa Jwif yo tou. Poutèt nou dakò se yon sèl Bondye ki genyen. Epi li p ap aksepte Jwif ki gen lafwa kòm moun ki jis devan l sèlman, men l ap aksepte moun ki pa Jwif yo ki gen lafwa, kòm moun ki jis devan l tou. Lè sa a, èske lafwa ranplase Lalwa? Paditou! Okontrè, sa m di la a, li konfime sa Lalwa vle fè.
Women 3:9-31 New International Version (NIV)
What shall we conclude then? Do we have any advantage? Not at all! For we have already made the charge that Jews and Gentiles alike are all under the power of sin. As it is written: “There is no one righteous, not even one; there is no one who understands; there is no one who seeks God. All have turned away, they have together become worthless; there is no one who does good, not even one.” “Their throats are open graves; their tongues practice deceit.” “The poison of vipers is on their lips.” “Their mouths are full of cursing and bitterness.” “Their feet are swift to shed blood; ruin and misery mark their ways, and the way of peace they do not know.” “There is no fear of God before their eyes.” Now we know that whatever the law says, it says to those who are under the law, so that every mouth may be silenced and the whole world held accountable to God. Therefore no one will be declared righteous in God’s sight by the works of the law; rather, through the law we become conscious of our sin. But now apart from the law the righteousness of God has been made known, to which the Law and the Prophets testify. This righteousness is given through faith in Jesus Christ to all who believe. There is no difference between Jew and Gentile, for all have sinned and fall short of the glory of God, and all are justified freely by his grace through the redemption that came by Christ Jesus. God presented Christ as a sacrifice of atonement, through the shedding of his blood—to be received by faith. He did this to demonstrate his righteousness, because in his forbearance he had left the sins committed beforehand unpunished— he did it to demonstrate his righteousness at the present time, so as to be just and the one who justifies those who have faith in Jesus. Where, then, is boasting? It is excluded. Because of what law? The law that requires works? No, because of the law that requires faith. For we maintain that a person is justified by faith apart from the works of the law. Or is God the God of Jews only? Is he not the God of Gentiles too? Yes, of Gentiles too, since there is only one God, who will justify the circumcised by faith and the uncircumcised through that same faith. Do we, then, nullify the law by this faith? Not at all! Rather, we uphold the law.
Women 3:9-31 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Que faut-il donc conclure ? Nous les Juifs, sommes-nous en meilleure position que les autres hommes ? Pas à tous égards. Nous avons, en effet, déjà démontré que tous les hommes, Juifs et non-Juifs, sont également coupables. L’Ecriture le dit : Il n’y a pas de juste, pas même un seul , pas d’homme capable de comprendre, pas un qui se tourne vers Dieu. Ils se sont tous égarés, ╵ ils se sont corrompus tous ensemble. Il n’y en a aucun qui fasse le bien, même pas un seul . Leur gosier ressemble à une tombe ouverte, leur langue sert à tromper , ils ont sur les lèvres un venin de vipère , leur bouche est pleine d’aigres malédictions . Leurs pieds sont agiles quand il s’agit de verser le sang. La destruction et le malheur jalonnent leur parcours. Ils ne connaissent pas le chemin de la paix . Ils n’ont même pas peur de Dieu . Or, nous le savons, ce que l’Ecriture dit dans la Loi, elle l’adresse à ceux qui vivent sous le régime de la Loi. Il en est ainsi pour que personne n’ait rien à répliquer et que le monde entier soit reconnu coupable devant Dieu. Car personne ne sera déclaré juste devant lui parce qu’il aura accompli les œuvres demandées par la Loi. En effet, la Loi produit seulement la connaissance du péché. Mais maintenant Dieu a manifesté, sans faire intervenir la Loi, la justice qu’il nous accorde et à laquelle les livres de la Loi et des prophètes rendent témoignage. Dieu déclare les hommes justes par leur foi en Jésus-Christ, et cela s’applique à tous ceux qui croient, car il n’y a pas de différence entre les hommes. Tous ont péché, en effet, et sont privés de la gloire de Dieu, et ils sont déclarés justes par sa grâce ; c’est un don que Dieu leur fait par le moyen de la délivrance apportée par Jésus-Christ. C’est lui que Dieu a offert comme une victime destinée à expier les péchés, pour ceux qui croient en son sacrifice. Dieu montre ainsi qu’il est juste parce qu’il avait laissé impunis les péchés commis autrefois, au temps de sa patience. Il montre aussi qu’il est juste dans le temps présent : il est juste tout en déclarant juste celui qui croit en Jésus. Reste-t-il encore une raison de se vanter ? Non, cela est exclu. En vertu de quel principe ? Celui de l’obéissance à la Loi ? Non, mais selon le principe de la foi. Voici donc ce que nous affirmons : l’homme est déclaré juste par la foi sans qu’il ait à accomplir les œuvres qu’exige la Loi. Ou alors : Dieu serait-il seulement le Dieu des Juifs ? N’est-il pas aussi le Dieu des non-Juifs ? Bien sûr, il est aussi le Dieu des non-Juifs. Car il n’y a qu’un seul Dieu qui justifie les Juifs en raison de leur foi et qui justifie aussi les non-Juifs au moyen de leur foi. Mais alors, est-ce que nous annulons la Loi au moyen de la foi ? Loin de là ! Nous confirmons la Loi.