Mwen rekòmande nou Febe, yon sè k'ap sèvi nan legliz Sankre a. Resevwa li nan non Senyè a, jan moun k'ap viv apa pou Bondye yo dwe fè l yonn pou lòt. Ede l nan tou sa li ka bezwen, paske li menm li deja ede anpil moun lèfini li te ede m anpil tou. Di Priska ak Akilas bonjou pou mwen. Yo t'ap travay avè m nan sèvis Jezikri a. Yo te riske tèt yo pou sove lavi mwen. Se pa mwen sèlman k'ap di yo mesi, se tout legliz ki nan moun lòt nasyon yo k'ap di yo mèsi tou. Di legliz ki rasanble lakay yo a bonjou tou. Di Epayinèt, bon bon zanmi mwen an, bonjou. Se li menm premye moun ki te mete konfyans li nan Kris la nan peyi Lazi. Di Mari ki te bay kò l anpil traka pou nou an bonjou. Di Andwonikis ak Jinyas, fanmi m yo ki te al nan prizon ansanm avè m yo, bonjou. Apòt yo konsidere yo anpil, yo te patizan Kris la anvan mwen. Di Anplyatis, bon zanmi m nan menm Senyè a, bonjou. Di Iben, kanmarad travay mwen nan sèvis Kris la, bonjou ansanm ak Estakis, bon zanmi mwen an.
Li Women 16
Koute Women 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Women 16:1-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo