Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Sòm 98:1-9

Sòm 98:1-9 HAT98

(1b) Chante yon chante tou nèf pou Senyè a, paske li pa manke fè bèl bagay. Pouvwa li avèk fòs ponyèt li se bagay apa, se ak yo li te genyen batay la. Senyè a te fè wè jan l delivre nou. Li te fè nasyon yo konnen jan li fè lèzòm gras. Li te chonje jan li renmen moun Izrayèl yo, jan li toujou kenbe pawòl li gen ak yo. Moun toupatou sou latè te wè jan Bondye nou an ap delivre nou. Nou tout ki rete sou latè, rele pou fè lwanj Senyè a tèlman nou kontan! Rele! Fè fèt! Chante! Chante pou Senyè a avèk gita! Avèk gita, chante kantik! Soufle klewon, kònen lanbi! Rele devan Senyè a sitèlman nou kontan, paske se li ki wa. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou latè a ansanm ak tou sa k'ap viv sou li pran chante. Se pou larivyè yo pran bat men yo. Se pou tout ti mòn yo pran chante ansanm sitèlman yo kontan. Paske, l'ap vini pou l jije tout moun ki sou latè! L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo dapre sa yo merite.

Li Sòm 98

Koute Sòm 98

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 98:1-9

Imaj Vèsè pou Sòm 98:1-9

Sòm 98:1-9 - (1b) Chante yon chante tou nèf pou Senyè a,
paske li pa manke fè bèl bagay.
Pouvwa li avèk fòs ponyèt li se bagay apa,
se ak yo li te genyen batay la.
Senyè a te fè wè jan l delivre nou.
Li te fè nasyon yo konnen jan li fè lèzòm gras.
Li te chonje jan li renmen moun Izrayèl yo,
jan li toujou kenbe pawòl li gen ak yo.
Moun toupatou sou latè te wè
jan Bondye nou an ap delivre nou.

Nou tout ki rete sou latè, rele pou fè lwanj Senyè a tèlman nou kontan!
Rele! Fè fèt! Chante!
Chante pou Senyè a avèk gita!
Avèk gita, chante kantik!
Soufle klewon, kònen lanbi!
Rele devan Senyè a sitèlman nou kontan, paske se li ki wa.

Se pou lanmè a ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l pran fè bri sitèlman yo kontan.
Se pou latè a ansanm ak tou sa k'ap viv sou li pran chante.
Se pou larivyè yo pran bat men yo.
Se pou tout ti mòn yo pran chante ansanm sitèlman yo kontan.
Paske, l'ap vini pou l jije tout moun ki sou latè!
L'ap jije tout moun san patipri.
L'ap jije tout pèp yo dapre sa yo merite.
waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo