(14) Gen pitye pou mwen, Senyè! Gade nan ki mizè moun ki rayi m yo mete m. Vin sove m! Pa kite m mouri, Senyè, (15) pou m ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m di yo poukisa m'ap fè lwanj ou. M'ap kontan nèt, paske ou te delivre m. (16) Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li. (17) Senyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo. (18) Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou. (19) Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon. (20) Leve non, Senyè! Pa kite lèzòm genyen batay la! Mennen moun lòt nasyon yo vin jije devan ou. (21) Fè kè yo kase, Senyè! Fè yo konnen se moun ase yo ye.
Li Sòm 9
Koute Sòm 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 9:13-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo