(7) Senyè, leve non! Mete ou ankòlè! Leve, pran pozisyon kont lènmi m yo ki fin debòde. Leve non! Vin pote m sekou, paske se jistis ou m'ap chache. (8) Sanble tout nasyon yo bò kote ou. Rete nan syèl la, gouvènen yo tout. (9) Ou menm Senyè, ou se jij tout moun. Tanpri, Senyè, fè m jistis paske mwen mache dwat, mwen inonsan. (10) Fè mechan yo sispann fè move bagay. Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri: Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo. (11) Se Bondye ki defans mwen. Li delivre tout moun ki mache dwat. (12) Bondye se yon jij ki san patipri: Li toujou kondannen mechan yo.
Li Sòm 7
Koute Sòm 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 7:6-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo