(9) Wete peche m lan avèk yon branch izòp, konsa m'a nan kondisyon pou m fè sèvis pou ou. Lave m, m'a pi blan pase koton. (10) Fè m tande pawòl ki pou fè kè m kontan an, pawòl ki pou fè m chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m, men w'a fè kè m kontan ankò. (11) Wete peche mwen yo devan je ou. Efase tout fòt mwen fè yo. (12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m sa kenbe fèm. (13) Pa voye m jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an. (14) Sove m. Fè kè m kontan ankò. Ban m bon lide ki pou fè m toujou obeyisan. (15) Lè sa a, m'a moutre moun k'ap fè peche yo tout kòmandman ou yo, pou yo sa tounen vin jwenn ou.
Li Sòm 51
Koute Sòm 51
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 51:7-13
4 Jou
Seri 4 Kriyati Vivan ki site nan Bib la, dekri karakteristik gloye Jezi ki nou dwe posede pou nou tounen Kretyen efikas. Pandan nou egzamine nati moun lan, nou pral aprann kijan pou n bay menm karakteristik sa yo nan lavi nou nan lespri.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo