(15) Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m dejwente. Mwen santi kè m ap kase, tout zantray mwen ap bouyi. (16) Fòs mwen ap cheche, tankou labou nan solèy. Lang mwen kole nan fon bouch mwen. Mwen santi m prèt pou mouri. (17) Tankou yon bann chen, mechan yo sènen m. Bann mechan yo fèmen m toupatou. Yo kraze de men m ak de pye m yo. (18) Tout zo nan kò m parèt. Y'ap gade m, y'ap veye m. (19) Y'ap separe rad mwen ant yo menm, y'ap tire osò pou rad mwen an.
Li Sòm 22
Koute Sòm 22
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 22:14-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo