Sòm 20:4-7
Sòm 20:4-7 HAT98
(5) Se pou l ba ou tou sa ou ta renmen. Se pou l fè tou sa ou gen lide fè rive vre. (6) Lè sa a, n'ap rele, n'ap kontan dèske ou genyen batay la. N'ap fè fèt paske ou genyen batay la, n'ap fè lwanj Bondye nou an. Se pou Senyè a ba ou tou sa ou mande l. (7) Kounyeya, mwen konnen Senyè a ap fè moun li chwazi a genyen batay la. Li rete nan syèl la, nan kay ki pou li a, li reponn li. Li fè l genyen batay la avèk gwo pouvwa li. (8) Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Senyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou.

