Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Sòm 2:1-12

Sòm 2:1-12 HAT98

Poukisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen? Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Senyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a. Y'ap plede di: — Ann kase chenn yo mete nan pye nou yo! Ann voye yo jete! Senyè a rete chita nan syèl la, l'ap ri. L'ap pase yo nan jwèt. Apre sa, li fè kòlè, li pale ak yo. Li move sou yo, li fè kè yo kase. Li di: — Se mwen menm ki mete wa mwen an sou mòn Siyon, mòn ki apa pou mwen an. Wa a di: — M'ap fè nou konnen sa Senyè a deside. Li di mwen: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a, se mwen ki papa ou. Mande m, m'a ba ou tout nasyon yo pou eritay ou. M'a ba ou tout latè pou bitasyon ou. W'ap kraze ren yo avèk yon baton fè, W'ap kraze yo Tankou yon kannari y'ap kraze fè miyèt. Kounyeya, nou menm wa yo, manyè konprann. Nou menm k'ap dirije moun sou latè, manyè koute. Sèvi Senyè a avèk krentif, tranble nan tout kò nou, bese tèt devan li. Si se pa sa, n'a fè l fache, n'a mouri, paske kòlè l moute fasil. Ala bon sa bon pou moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl li!

Li Sòm 2

Koute Sòm 2

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 2:1-12

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo