(2) Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l. (3) Jounen jodi a rakonte koze a bay jounen denmen an. Chak nwit repete li bay nwit ki vin apre a. (4) Yo pa pale, yo pa di yon mo. Ou pa tande yon ti bwi. (5) Men, sa yo di a mache ale toupatou sou latè. Mesay y'ap bay la rive jouk nan dènye bout latè. Bondye moute yon kay nan syèl la pou solèy la. (6) Solèy la menm sòti tankou yon nonm ki fenk marye k'ap sòti anndan chanm li. Li kontan, l'ap kouri tankou yon grannèg ki konnen li deja genyen kous la. (7) Solèy la leve nan yon bout syèl la, li kouche nan lòt bout la. Chalè li bat sou tout bagay. (8) Lalwa Senyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Senyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann. (9) Regleman Senyè a se bagay ki dwat. Moun ki swiv yo ap gen kè kontan. Kòmandman li yo klè. Yo louvri je moun. (10) Se pou nou gen krentif pou Senyè a yon jan ki san repwòch. Epi se tout tan pou nou gen krentif sa a. Jijman Senyè a se verite, yo pa janm nan patipri. (11) Moun ap kouri dèyè yo pi rèd pase dèyè lò, menm pase lò ki pi bon an. Yo pi dous pase siwo myèl, menm pase siwo k'ap degoute nan gato myèl.
Li Sòm 19
Koute Sòm 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 19:1-10
10 Days
Wrestling with faith and doubt can be profoundly lonely and isolating. Some suffer in silence while others abandon belief altogether, assuming doubt is incompatible with faith. Dominic Done believes this is both tragic and deeply mistaken. He uses Scripture and literature to argue that not only is questioning normal but it is often a path toward a rich and vibrant faith. Explore faith and doubt in this 10-day plan.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo