Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Sòm 19:1-10

Sòm 19:1-10 - (2) Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a.
Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l.
(3) Jounen jodi a rakonte koze a bay jounen denmen an.
Chak nwit repete li bay nwit ki vin apre a.
(4) Yo pa pale, yo pa di yon mo.
Ou pa tande yon ti bwi.
(5) Men, sa yo di a mache ale toupatou sou latè.
Mesay y'ap bay la rive jouk nan dènye bout latè.
Bondye moute yon kay nan syèl la pou solèy la.
(6) Solèy la menm sòti tankou yon nonm ki fenk marye k'ap sòti anndan chanm li.
Li kontan, l'ap kouri tankou yon grannèg ki konnen li deja genyen kous la.
(7) Solèy la leve nan yon bout syèl la,
li kouche nan lòt bout la.
Chalè li bat sou tout bagay.

(8) Lalwa Senyè a bon sou tout pwen.
Li moutre nou jan pou nou viv.
Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Senyè a.
Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann.
(9) Regleman Senyè a se bagay ki dwat.
Moun ki swiv yo ap gen kè kontan.
Kòmandman li yo klè.
Yo louvri je moun.
(10) Se pou nou gen krentif pou Senyè a yon jan ki san repwòch.
Epi se tout tan pou nou gen krentif sa a.
Jijman Senyè a se verite, yo pa janm nan patipri.
(11) Moun ap kouri dèyè yo pi rèd pase dèyè lò,
menm pase lò ki pi bon an.
Yo pi dous pase siwo myèl, menm pase siwo k'ap degoute nan gato myèl.

(2) Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l. (3) Jounen jodi a rakonte koze a bay jounen denmen an. Chak nwit repete li bay nwit ki vin apre a. (4) Yo pa pale, yo pa di yon mo. Ou pa tande yon ti bwi. (5) Men, sa yo di a mache ale toupatou sou latè. Mesay y'ap bay la rive jouk nan dènye bout latè. Bondye moute yon kay nan syèl la pou solèy la. (6) Solèy la menm sòti tankou yon nonm ki fenk marye k'ap sòti anndan chanm li. Li kontan, l'ap kouri tankou yon grannèg ki konnen li deja genyen kous la. (7) Solèy la leve nan yon bout syèl la, li kouche nan lòt bout la. Chalè li bat sou tout bagay. (8) Lalwa Senyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Senyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann. (9) Regleman Senyè a se bagay ki dwat. Moun ki swiv yo ap gen kè kontan. Kòmandman li yo klè. Yo louvri je moun. (10) Se pou nou gen krentif pou Senyè a yon jan ki san repwòch. Epi se tout tan pou nou gen krentif sa a. Jijman Senyè a se verite, yo pa janm nan patipri. (11) Moun ap kouri dèyè yo pi rèd pase dèyè lò, menm pase lò ki pi bon an. Yo pi dous pase siwo myèl, menm pase siwo k'ap degoute nan gato myèl.

Sòm 19:1-10

Sòm 19:1-10
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo