Senyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè. Senyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi! Y'a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y'a fè konnen jan ou gen pouvwa, pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite. Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap donminen pou tout tan. Senyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè. L'ap soutni tout moun k'ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouray. Senyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje. Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen. Senyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè. Senyè a kanpe toupre moun k'ap rele l, toupre tout moun k'ap rele l ak tout kè yo. L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l, l'ap delivre yo. L'ap pwoteje tout moun ki renmen l. Men, l'ap detwi tout mechan yo.
Li Sòm 145
Koute Sòm 145
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 145:9-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo