Mwen santi mwen pa kapab ankò! Mwen boulvèse anpil. Mwen chonje tan lontan, m'ap kalkile tou sa ou te fè. Tou sa ou te fè yo vin nan tèt mwen ankò. Mwen louvri bra m devan ou, mwen lapriyè. M'ap tann ou tankou tè sèk k'ap tann lapli. Senyè, prese vin reponn mwen. Mwen pa kapab ankò! Pa vire do ban mwen. Si ou fè sa, m'ap tankou moun ki desann nan peyi kote mò yo ye a. Mwen mete konfyans mwen nan ou. Depi granmaten, fè m chonje jan ou renmen m anpil. Se ou menm m'ap lapriyè. Moutre m chemen pou m pran an. Se anba zèl ou m'ap chache pwoteksyon. Tanpri, delivre m anba lènmi m yo. Se ou menm ki Bondye mwen. Moutre m jan pou m fè sa ou vle m fè a. Jan ou gen bon kè, fè lespri ou mennen m nan chemen ki pa gen move pa. Senyè, poutèt non ou pote a, ban m lavi ankò. Ou menm ki pa nan patipri, tanpri, wete m nan tray kote m ye a.
Li Sòm 143
Koute Sòm 143
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 143:4-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo