(1b) Senyè, mwen pa gen lògèy nan kè mwen. Mwen pa gade moun avèk awogans. Mwen pa enterese nan bagay ki twò fò pou mwen, nan bagay ki twò difisil pou m konprann. Mwen rete tou dousman, byen trankil tankou yon timoun sevre ki rete byen dousman sou janm manman l. Wi, tankou yon timoun sevre, se konsa mwen rete dousman. Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Senyè a, depi kounyeya ak pou tout tan.
Li Sòm 131
Koute Sòm 131
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 131:1-3
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo