Non! Lwanj lan pa pou nou, Senyè! Se pa pou nou lwanj lan ye, Senyè! Non! Se pa pou nou! Men, se pou ou menm sèl, paske ou renmen nou, paske ou toujou kenbe pawòl ou! Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande: — Kote Bondye nou an? Bondye nou an, se nan syèl la li ye, Li fè sa l vle. Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo. Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè. Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo gen nen, men yo pa ka pran okenn sant. Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen. Yo gen pye, men yo pa ka mache. Pa menm yon ti son pa ka sòti nan gòj yo. Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.
Li Sòm 115
Koute Sòm 115
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 115:1-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo